Jezi Rele Premye Disip li yo
Pyè peche tout lannwit san li pa pran anyen, apre sa sou pawòl Jezi li rale tèlman pwason li mande l pou l ale. Jezi touche yon nonm ki gen lalèp. Yo desann yon nonm paralize nan yon twou nan do kay la epi li resevwa padon pa pouvwa Papa nou, sa ki skandalize dirèktè lalwa yo. Levi kite biwo li.
5 1Yon jou, pandan foul moun yo t'ap peze sou li pou tande pawòl Papa nou, Jezi te kanpe bò lak Jenezarèt la. a a v1 Lak Jenezarèt la se yon lòt non pou lanmè Galile a. 2Li wè de kannòt ki te rete bò lak la; moun lapèch yo te desann, yo t'ap lave senn yo. 3Li moute nan youn nan kannòt yo, sa ki te pou Simon an, li mande l pou l vanse yon ti kras pi lwen rivaj la, lèfini li chita, li t'ap moutre foul moun yo depi nan kannòt la.
4Lè li fin pale, li di Simon: “Vanse nan fon dlo a, lage senn ou yo pou pran pwason.”
5Simon reponn li: “Mèt, nou travay tout lannwit, nou pa pran anyen. Men, sou pawòl ou, m'ap lage senn yo.” 6Lè yo fè sa, yo pran sitèlman pwason, senn yo te konmanse chire. 7Yo fè asosye yo ki te nan lòt kannòt la siy pou yo vin ede yo; yo vini, yo plen tou de kannòt yo jouk yo te konmanse koule. 8Lè Simon Pyè wè sa, li tonbe nan jenou Jezi, li di: “Kite m, Senyè, paske mwen se yon nonm ki plen peche!” 9Paske yon gwo sezisman te pran l ansanm ak tout moun ki te avèk li, akòz kantite pwason yo te pran an,
10menm jan ak Jak ak Jan, pitit Zebede yo ki te asosye Simon. Jezi di Simon: “Pa pè; depi jòdi a, se moun w'ap pran.”
11Se konsa yo rale kannòt yo moute sou rivaj la, yo kite tout bagay, yo swiv li.
Yon Nonm ki Vin Pwòp
12Pandan Jezi te nan youn nan vil yo, yon nonm ki te kouvri ak yon move maladi po parèt. Lè li wè Jezi, li lage kò l fas atè, li sipliye l: “Senyè, si ou vle, ou kapab rann mwen pwòp.”
13Jezi lonje men l, li manyen l: “Mwen vle. Vin pwòp.” Lamenm, maladi po a kite l.
14Jezi ba li lòd pou l pa di pèsonn anyen: “men ale, moutre tèt ou bay prèt la, epi ofri sa Moyiz te kòmande pou pirifikasyon ou, kòm yon prèv pou moun yo.”
15Men, nouvèl sou li gaye pi plis toujou; gwo foul moun te sanble pou tande l epi pou yo geri anba maladi yo. 16Men, Jezi te konn souvan al apa nan kote ki dezè pou l lapriyè.
Pouvwa Papa a pou Padonnen
17Yon jou, pandan li t'ap moutre moun yo, te gen kèk Farizyen ak dirèktè lalwa ki te chita, yo te soti nan tout bouk Galile yo, ak nan Jide ak Jerizalèm. Epi pouvwa Papa nou te la pou l te ka geri moun malad yo. 18Jisteman lè sa a, gen kèk gason ki vini ap pote yon nonm paralize sou yon nat, yo t'ap chèche fè l antre pou mete l devan Jezi. 19Kòm yo pa t jwenn mwayen pou fè l pase nan mitan foul la pou fè l antre, yo moute sou do kay la, yo file l desann sou nat li a nan twati a, jis nan mitan an, devan Jezi menm.
20Lè Jezi wè konfyans yo, li di: “Zanmi, yo padonnen ou peche ou yo.”
21Dirèktè lalwa yo ak Farizyen yo konmanse diskite: “Ki moun nonm sa a ye k'ap pale Bondye mal konsa? Kilès, apa Bondye sèl, ki ka padonnen peche?”
22Kòm Jezi te konnen sa yo t'ap panse, li reponn yo: “Poukisa n'ap fè rezònman konsa nan kè nou? 23Kisa ki pi fasil: di, ‘Yo padonnen ou peche ou yo,’ oswa di, ‘Leve kanpe, mache’? 24Men, pou nou ka konnen Pitit Lòm nan gen otorite sou latè pou padonnen peche” — li di nonm paralize a — “m'ap di ou, leve kanpe, ranmase nat ou, al lakay ou.”
25Lamenm, li kanpe devan yo, li ranmase nat li a, li al lakay li ap fè lwanj Papa nou. 26Yon gwo sezisman pran yo tout; yo t'ap fè lwanj Papa nou, yo te plen ak lakrentif, yo t'ap di: “Nou wè bagay estraòdinè jòdi a.”
Jezi Rele Levi
27Apre sa, Jezi soti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi ki te chita nan biwo kote yo peye taks la. Li di l: “Swiv mwen.”
28Se konsa Levi leve, li kite tout bagay dèyè, li swiv li. 29Apre sa, Levi fè yon gwo resepsyon pou Jezi lakay li, epi yon gwo foul pèseptè kontribisyon ak lòt moun te chita bò tab la avèk yo. 30Men, Farizyen yo ak dirèktè lalwa pa yo t'ap bougonnen bay disip li yo: “Poukisa n'ap manje epi bwè ak pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè peche?”
31Jezi reponn yo: “Se pa moun ki an sante ki bezwen dòktè, men se moun malad yo. 32Mwen pa vin rele moun ki jis, men moun k'ap fè peche pou yo ka repanti.”
Yon Kesyon sou Jèn
33Yo di l: “Disip Jan yo fè jèn souvan epi yo lapriyè, menm jan ak disip Farizyen yo, men pa ou yo manje epi bwè.”
34Jezi di: “Èske nou ka fè zanmi nonm k'ap marye a fè jèn pandan li la avèk yo? 35Men, jou yo ap vini lè y'ap wete nonm k'ap marye a nan mitan yo, se lè sa a, nan jou sa yo, y'a fè jèn.”
36Li ba yo yon parabòl tou: “Pèsonn pa chire yon moso nan yon rad nèf pou l koud li sou yon vye rad. Si se pa sa, l'ap chire rad nèf la, epi moso nèf la p'ap mache ak vye a. 37Pèsonn pa mete diven nèf nan vye veso po; si se pa sa, diven nèf la va fè veso yo pete, l'ap koule atè, epi veso yo va gate. 38Non, se nan veso po nèf pou yo mete diven nèf. 39Epi pèsonn ki fin bwè vye diven pa anvi diven nèf, paske li di: ‘Vye a bon.’”