Renmen Pa Fè Patipri
Lè w bay moun rich la bon plas epi w mete pòv la atè, sa fè legliz la tounen yon jij ki gen move entansyon, alòske Papa nou te chwazi pòv yo pou yo rich nan lafwa. Lafwa ki bay yon frè ki grangou pawòl sèlman, se yon lafwa ki mouri.
2 1Frè m yo ak sè m yo, nou menm ki kwè nan Senyè nou an, Jezikri ki gen bèl pouvwa a, pa fè patipri. 2Sipoze yon nonm ki gen yon bag an lò nan dwèt li ak bèl rad sou li antre nan asanble nou an, epi yon pòv ki gen rad chire sou li antre tou. 3Si nou fè atansyon sou moun ki byen abiye a epi nou di l: “Chita isit la, nan yon bon plas,” men nou di pòv la: “Kanpe laba a,” osinon: “Chita atè bò pye m,” 4èske nou pa fè patipri nan mitan nou, pou nou tounen jij k'ap jije dapre move lide? 5Koute, frè m ak sè m renmen anpil yo: èske Papa nou pa chwazi pòv ki nan je lemonn nan pou yo rich nan lafwa, pou yo eritye wayòm li te pwomèt moun ki renmen l yo? 6Men nou menm, nou derespekte pòv la. Èske se pa rich yo k'ap peze nou, k'ap trennen nou nan tribinal? 7Èske se pa yo menm k'ap pale mal sou bèl non yo rele sou nou an?
8Si nou obeyi tout bon lalwa wa a dapre sa ki ekri nan Liv la: “Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt ou,” n'ap byen fè.
9Men si nou fè patipri, nou fè peche, epi lalwa kondannen nou tankou moun k'ap vyole lalwa. 10Paske, moun ki kenbe tout lalwa a men ki bite sou yon sèl kòmandman, li koupab devan tout lalwa a. 11Paske Papa nou ki te di: piga nou fè adiltè, se li menm tou ki te di: piga nou touye moun. Donk, si ou pa fè adiltè men ou touye moun, ou vin yon moun k'ap vyole lalwa. 12Se pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou jije dapre lalwa ki bay libète a. 13Paske jijman an p'ap gen pitye pou moun ki pa t gen pitye; men pitye pi fò pase jijman.
Yon Lafwa Ki Gen Zèv
14Frè m ak sè m yo, kisa sa bay si yon moun di li gen lafwa men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a ka sove l? 15Sipoze yon frè osinon yon sè pa gen rad pou mete sou li, ni manje pou l manje chak jou, 16epi yonn nan nou di li: “Ale ak kè poze, chofe kò ou, manje plen vant ou,” men nou pa ba li anyen pou bezwen kò li—kisa sa bay? 17Konsa tou, lafwa pou kont li, si li pa gen zèv avè l, li mouri. 18Men yon moun va di: “Ou menm ou gen lafwa, mwen menm mwen gen zèv.” Montre m lafwa ou san zèv, mwen menm m'a montre ou lafwa m ak zèv mwen yo. 19Ou kwè Papa nou se yon sèl la; ou byen fè. Menm move lespri yo kwè sa—epi yo tranble. 20Èske ou vle m montre ou, ou menm moun sòt, lafwa san zèv pa sèvi anyen? 21Èske se pa t zèv Abraram, papa nou, ki te fè Bondye fè l gras lè li te ofri Izarak, pitit gason l, sou lotèl la? 22Ou wè lafwa li t'ap travay ansanm ak zèv li yo, epi se zèv li yo ki te fè lafwa a konplè. 23Se konsa pawòl ki ekri nan Liv la te rive vre: “Abraram te kwè nan Papa nou, epi sa te konte pou li tankou yon moun ki mache dwat”—yo te rele l zanmi Papa nou. a a v23 Abraram pa t annik yon moun ki te kwè nan Papa nou — yo te rele l zanmi li. Men kè a poukisa Papa nou ap chèche nou: se pa pou l gen esklav k'ap pè l, men pou l gen zanmi ki konnen l. 24Ou wè se zèv yon moun ki fè Bondye fè l gras, se pa lafwa sèlman. 25Menm jan an tou, èske se pa t zèv Rarab, fanm movèz vi a, ki te fè Bondye fè l gras, lè li te resevwa mesaje yo epi li te voye yo ale nan yon lòt chemen? 26Menm jan yon kò san souf mouri, se konsa tou lafwa san zèv mouri.