Sèt Dènye Kalamite yo
Moun ki te refize bèt la kanpe bò yon lanmè an vè, y ap chante chante Moyiz la ak chante Ti Mouton an, y ap di chemen Papa nou jis e vrè. Sèt zanj soti ak twal len klere sou yo, ak sèt bòl, epi lafimen plen tanp lan jouk pesonn pa ka antre toutotan yo pa fin vide yo.
15 1Mwen te wè yon lòt siy nan syèl la, yon siy ki gran e ki estwòdinè: sèt zanj ki t'ap kenbe sèt dènye kalamite yo, paske se ak kalamite sa yo kòlè Papa nou an fini nèt.
2Mwen te wè yon bagay ki te sanble ak yon lanmè vè melanje ak dife, epi kanpe bò kote l, moun ki te genyen batay la sou bèt la, sou estati l, ak sou nimewo non l, yo t'ap kenbe gita Papa nou ba yo. 3Yo t'ap chante chante Moyiz la, sèvitè Papa nou an, ansanm ak chante Jezi a, ti Mouton an: “Travay ou yo gran e yo estwòdinè, O Papa, Mèt ki gen tout pouvwa a! Chemen ou yo dwat e yo vre, Wa tout nasyon yo! 4Kilès ki p'ap gen krentif pou ou, O Papa, epi ki p'ap fè lwanj non ou? Paske se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo va vin adore devan ou, paske aksyon jis ou yo parèt aklè.”
5Apre sa, mwen gade, epi tanp lan, tant temwayaj la, te louvri nan syèl la. 6Sèt zanj ki te gen sèt kalamite yo soti nan tanp lan, yo te abiye ak twal fin blan ki pwòp e ki klere, ak sentiwon lò nan lestonmak yo.
7Lè sa a, youn nan kat bèt vivan yo bay sèt zanj yo sèt gode lò ki te plen ak kòlè Papa nou an, li menm ki vivan pou tout tan ale nèt. 8Lafimen ki soti nan glwa Papa nou an ak nan fòs li plen tanp lan; pèsonn pa t' ka antre ladan l jiskaske sèt kalamite sèt zanj yo te fini.