Lavi retabli jou repo a
Jezi geri yon men ki sèch nan jou repo a, epi farizyen yo kòmanse fè konplo pou touye l. Li chwazi douz. Dirèktè lalwa yo di li gen demon, e pwòp fanmi l di li pèdi tèt li; li reponn moun ki fè volonte Papa nou se fanmi l.
3 1Yon lòt fwa ankò, Jezi antre nan sinagòg la, epi te gen yon nonm la ki te gen yon men pòk. 2Yo t'ap veye l byen pre pou wè si l'ap geri nonm nan jou repo a, dekwa pou yo ka akize Jezi.
3Jezi di nonm ki te gen men pòk la: “Leve kanpe, vin devan.” 4Apre sa li mande yo: “Èske lalwa bay dwa pou fè byen osinon pou fè mal jou repo a, pou sove yon lavi osinon pou touye?” Men yo pa di anyen. 5Li gade yo toutotou ak kòlè, kè l te sere poutèt kè di yo, epi li di nonm nan: “Lonje men ou.” Nonm nan lonje l, epi men l geri nèt.
6Lè sa a farizyen yo soti, epi lapoula yo pran fè konplo ak patizan Ewòd yo sou kijan yo ta ka touye l.
Foul la kouri dèyè moun k'ap bay gerizon an
7Jezi wete kò l ansanm ak disip li yo, li ale bò lanmè a. Yon gwo foul moun soti nan Galile swiv li, ansanm ak moun ki soti nan Jide, 8moun lavil Jerizalèm, moun Idime, moun ki rete lòt bò larivyè Jouden an, ak moun ki rete nan zòn Tir ak Sidon. Lè yo tande tou sa l t'ap fè, yon gwo foul moun vin jwenn li. 9Li di disip li yo pou yo pare yon ti kannòt pou li, poutèt foul la, pou moun yo pa peze l twòp. 10Paske li te geri anpil moun, kifè tout moun ki te gen maladi t'ap pouse pou yo touche l. 11Chak fwa move lespri yo te wè l, yo te tonbe devan l, yo t'ap rele byen fò: “Se ou menm ki Pitit Bondye a!” 12Men li te pase yo lòd byen sevè pou yo pa fè konnen ki moun li ye.
Li chwazi douz yo
13Jezi moute sou mòn nan, li rele moun li te vle yo, epi yo vin jwenn li. 14Li chwazi douz ladan yo, li rele yo apòt, pou yo ka rete avèk li, epi pou l ka voye yo al preche, 15ak pou yo gen otorite pou chase demon yo. 16Men douz moun li te chwazi yo: Simon, li te ba li yon lòt non, Pyè; 17Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li, li te rele yo Boanèj, ki vle di Pitit Loraj; 18Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak pitit Alfe, Tade, Simon Zelòt la, 19ak Jida Iskariòt, nonm ki te trayi l la.
Yon wayòm ki pa ka tonbe
20Jezi tounen lakay; foul la sanble ankò, kifè ni li menm ni disip li yo pa t' menm ka manje. 21Lè fanmi l tande sa, yo soti pou yo vin kenbe l, paske yo t'ap di: “Li pèdi tèt li.” 22Dirèktè lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t'ap di: “Li gen Bèlzeboul sou li,” epi: “Se chèf demon yo ki ba l pouvwa pou l chase demon yo.”
23Se konsa Jezi rele yo vin jwenn li, epi li pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan ka chase Satan? 24Si yon wayòm divize kont tèt li, wayòm sa a p'ap ka kanpe. 25Epi si yon kay divize kont tèt li, kay sa a p'ap ka kanpe. 26Epi si Satan leve kont tèt li, si l divize, li p'ap ka kanpe; lafen li rive. 27Pèsonn pa ka antre lakay yon nonm ki gen fòs pou l pran byen li, si li pa mare nonm fò a anvan. Se lè sa a l'a ka piye kay la.
28Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Bondye ap padonnen pitit lèzòm tout peche yo ak tout jouman yo di kont Bondye, kèlkeswa sa yo di, 29men nenpòt moun ki pale mal kont Sentespri a p'ap janm jwenn padon; li koupab yon peche etènèl.”
30Li te pale konsa paske yo t'ap di: “Li gen yon move lespri sou li.”
Fanmi Papa a
31Manman l ak frè l yo rive. Yo kanpe deyò a, yo voye rele l. 32Yon foul moun te chita bò kote l, yo di l: “Gade, manman ou ak frè ou yo deyò a, y'ap mande pou ou.”
33Li reponn yo: “Ki moun ki manman m ak frè m yo?” 34Li gade moun ki te chita fè wonn bò kote l yo, epi li di: “Men manman m ak frè m yo! 35Nenpòt moun ki fè volonte Papa nou, se li menm ki frè m, sè m ak manman m.”