Pi Gran nan yo a
Chak don y ap fè konpetisyon pou yo — lang, pwofesi, konesans, lafwa ki deplase mòn, menm bay tout sa ou genyen — pa vo anyen san lanmou. Lanmou pasyan, li pa kenbe kont mal yo fè l, epi li dire plis pase don yo, ki pral fini lè nou wè fasafas.
13 1Si m pale lang moun ak lang zanj, men mwen pa gen renmen, m se yon gong k'ap fè bri, yon senbal k'ap sonnen. 2Si m kapab bay mesaj pwofèt, si m konprann tout sekrè ak tout konesans, si m gen tout lafwa, ase pou m deplase mòn, men mwen manke renmen, mwen pa anyen. 3Si m bay tout sa m genyen, si m lage kò m pou m ka vante tèt mwen, men mwen pa gen renmen, sa pa rapòte m anyen.
4Renmen gen pasyans, renmen gen bon kè. Li pa fè jalouzi, li pa vante tèt li, li pa gen lògèy. 5Li pa malonèt, li pa chèche enterè pa l, li pa fè kòlè, li pa kenbe nan kè sa moun fè l ki mal. 6Renmen pa pran plezi nan sa ki mal, men li rejwi ak laverite. 7Li toujou pwoteje, li toujou gen konfyans, li toujou gen espwa, li toujou kenbe fèm.
8Renmen p'ap janm tonbe. Men mesaj pwofèt yo ap fini, lang yo ap sispann, konesans la ap fini. 9Paske nou konnen yon ti pati, epi nou bay mesaj pwofèt yon ti pati, 10men lè sa ki konplè a vini, sa ki an pati a ap disparèt. 11Lè m te timoun, m te pale tankou yon timoun, m te panse tankou yon timoun, m te rezone tankou yon timoun. Lè m vin yon gran moun, mwen kite bagay timoun yo dèyè. 12Paske koulye a nou wè yon imaj ki pa klè nan yon glas; lè sa a, n'a wè fas pou fas. Koulye a mwen konnen yon ti pati; lè sa a m'a konnen nèt, menm jan yo konnen m nèt. 13Koulye a, twa bagay sa yo rete: lafwa, espwa, ak renmen. Men pi gran nan yo a se renmen.