Pòl Ekri Timote
Dènye lèt Pòl, li ekri l lè lanmò te pre, pou l pase flanbo a bay Timote e pou l mande l preche pawòl la.
1 1Pòl, apòt Kris Jezi dapre volonte Papa nou, dapre pwomès lavi ki nan Kris Jezi, 2pou Timote, pitit mwen renmen anpil la: Se pou ou jwenn gras, mizèrikòd ak kè poze ki soti nan Papa nou ak nan Kris Jezi, Senyè nou an.
Vante Flanm Papa nou Ban Ou an
3Mwen di Papa nou mèsi, li menm m'ap sèvi ak yon konsyans ki klè menm jan ak zansèt mwen yo, pandan m'ap chonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo, lajounen kou lannwit. 4Lè m'ap chonje jan ou te kriye, mwen anvi wè ou anpil, pou kè m ka plen ak kè kontan. 5Mwen chonje lafwa sensè ou genyen an—li te vivan toudabò nan grann ou Loyis ak nan manman ou Enis, epi koulye a, mwen gen konviksyon, li nan ou tou.
6Se poutèt sa m'ap fè ou chonje pou ou vante don Papa nou ki nan ou a tounen yon flanm dife, don ou te resevwa lè m te mete men m sou ou a. 7Paske Papa nou pa t ban nou yon lespri ki fè nou pè, men Lespri ki bay pouvwa, renmen ak metriz tèt. 8Se poutèt sa, pa wont temwayaj sou Senyè nou an, ni pa wont mwen menm ki prizonye li, men pataje nan soufrans pou bon nouvèl la ak pouvwa Papa nou. 9Li sove nou epi li rele nou ak yon apèl ki sen, se pa dapre zèv nou yo men dapre pwòp plan li ak gras li, gras li te ban nou nan Kris Jezi anvan tan yo te kòmanse, 10epi koulye a li fè l parèt aklè atravè vini Sovè nou an, Kris Jezi, li menm ki fini ak lanmò epi ki fè lavi ak lavi ki p'ap janm mouri a klere atravè bon nouvèl la. 11Se pou bon nouvèl sa a yo te chwazi m kòm yon predikatè, yon apòt ak yon pwofesè. 12Se poutèt sa m'ap soufri konsa. Men mwen pa wont, paske mwen konnen moun mwen mete konfyans mwen nan li a, epi mwen gen konviksyon li ka gade sa li renmèt mwen an jouk jou l'a tounen an.
13Kenbe modèl bon pawòl ou te tande nan bouch mwen yo, ak lafwa ak renmen ki nan Kris Jezi. 14Gade bon bagay yo te renmèt ou a, ak Sentespri ki rete nan nou an.
15Ou konnen sa: tout moun nan pwovens Azi a vire do ban mwen, ladan yo gen Fijèl ak Èmojèn. 16Se pou Senyè Jezi nou an bay fanmi Onezifò a mizèrikòd, paske souvan li te remoute kouraj mwen epi li pa t wont chenn mwen yo. 17Okontrè, lè l te rive lavil Wòm, li chache m avèk gwo lanvi jouk li jwenn mwen. 18Se pou Senyè Jezi nou an fè l jwenn mizèrikòd nan men Senyè a jou sa a. Ou konnen byen konbyen li te sèvi lavil Efèz.