Pitit la Monte Antre Jerizalèm
Jezi antre Jerizalèm sou yon bourik yo prete l, pandan moun ap rele Ozana, li modi yon pye fig ki pa bay fwi, epi li mete machann yo deyò kay Papa l, sa ki fè chèf prèt yo deside touye l. Lè yo mande l ak ki otorite, li mande yo pito sou Jan.
11 1Antan yo t'ap pwoche bò Jerizalèm, bò Betfaje ak Betani, toupre Mòn Oliv la, Jezi voye de nan disip li yo devan,
2li di yo: “Ale nan ti bouk ki devan nou an. Kou nou antre ladan l, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare, yon bourik pèsonn poko janm moute. Demare l, mennen l ban mwen.
3Si yon moun mande nou: ‘Poukisa n'ap fè sa?’ n'a di: ‘Se Senyè a ki bezwen l, l'ap voye l tounen la a touswit.’”
4Yo ale, yo jwenn yon jenn ti bourik mare bò yon pòt deyò nan lari a, yo demare l. 5Kèk nan moun ki te kanpe la yo mande yo: “Kisa n'ap fè la a? Poukisa n'ap demare ti bourik la?” 6Yo reponn jan Jezi te di yo a, epi moun yo kite yo ale. 7Yo mennen ti bourik la bay Jezi, yo mete rad yo sou li, epi Jezi moute chita sou li. 8Anpil moun te tann rad yo sou chemen an; gen lòt ki te koupe branch ki gen fèy nan jaden yo, yo tann yo sou chemen an. 9Moun ki t'ap mache devan yo ak moun ki t'ap mache dèyè yo t'ap rele: “Ozana! Benediksyon pou moun ki vini nan non Papa nou! 10Benediksyon pou wayòm k'ap vini an, wayòm David, papa nou an! Ozana anwo nan syèl la!”
11Jezi antre Jerizalèm, li ale nan tanp lan. Li gade tout bagay toutotou l, epi, paske li te fin ta deja, li soti ale Betani ak douz disip yo.
Jezi Madichonnen Pye Fig Frans lan
12Nan denmen, antan yo t'ap kite Betani, Jezi te grangou. 13Li wè yon pye fig frans ki te gen fèy byen lwen, li al wè si l'a jwenn kichòy sou li. Lè li rive bò kote l, li pa jwenn anyen pase fèy, paske se pa t' sezon fig frans.
14Lè sa a li di pye a: “Se pou pèsonn pa janm manje fwi sou ou ankò.” Disip li yo tande l di sa.
Jezi Netwaye Kay Papa li a
15Yo rive Jerizalèm, epi Jezi antre nan tanp lan, li tanmen mete deyò moun ki t'ap vann ak moun ki t'ap achte la yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo, 16epi li pa t' kite pèsonn pase ak machandiz nan lakou tanp lan.
17Li t'ap moutre yo, li di: “Èske yo pa t' ekri: ‘Y'a rele kay mwen an yon kay kote tout nasyon yo va lapriyè’? Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt vòlè.”
18Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo tande sa, yo t'ap chèche yon mwayen pou yo touye l, paske yo te pè l, poutèt tout foul moun yo te sezi anpil devan sa li t'ap moutre a.
19Lè solèy la kouche, yo soti kite lavil la.
20Nan maten, antan yo t'ap pase, yo wè pye fig frans lan te cheche depi nan rasin. 21Pyè vin chonje, li di l: “Mèt, gade non! Pye fig frans ou te madichonnen an cheche nèt.”
22Jezi reponn yo: “Mete konfyans nou nan Papa nou. 23Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt moun ki di mòn sa a: ‘Soulve, al jete kò ou nan lanmè,’ si li pa gen dout nan kè l men li kwè sa l di a pral rive, l'a wè sa fèt pou li. 24Se poutèt sa m'ap di nou: tout sa nou mande nan lapriyè, kwè nou deja resevwa l, epi l'a pou nou. 25Lè nou kanpe ap lapriyè, padonnen tou sa nou gen sou kè nou kont nenpòt moun, pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen nou peche nou yo tou.” a a v25 Pi ansyen maniskri yo pa gen yon vèsè 26 isit la; kopi ki vin apre yo ajoute: “Men si nou pa padonnen, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen nou fòt nou yo tou.”
Ak Ki Otorite?
27Yo tounen Jerizalèm. Antan Jezi t'ap mache nan tanp lan, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo vin jwenn li, 28yo mande l: “Ak ki otorite w'ap fè bagay sa yo? Oswa kilès ki ba ou otorite sa a pou fè yo?”
29Jezi di yo: “M'ap poze nou yon sèl kesyon. Reponn mwen, epi m'a di nou ak ki otorite m'ap fè bagay sa yo. 30Batèm Jan an, èske li te soti nan syèl la, oswa nan men lèzòm? Reponn mwen.”
31Yo t'ap diskite ant yo menm: “Si nou di: ‘Nan syèl la,’ l'a mande: ‘Poukisa atò nou pa t' kwè l?’ 32Men si nou di: ‘Nan men lèzòm’”—yo te pè foul moun yo, paske tout moun te konsidere Jan tankou yon vrè pwofèt.
33Yo reponn Jezi: “Nou pa konnen.” Jezi di: “Mwen menm tou, mwen p'ap di nou ak ki otorite m'ap fè bagay sa yo.”