Kounye a an papye

2 Samyèl 21 FHB Father's Heart Bible™

Papa aJeziLespri a
15% rabè sou premye kòmand ou →
Liv

David Peye pou San Sayil te Fè Koule a

David mande Papa nou poukisa gen twazan grangou, epi yo di l se paske Sayil te masakre moun Gabawon yo; yo pann sèt nan desandan Sayil yo. Rispa veye kadav yo kont zwazo ak bèt sovaj jiskaske lapli tonbe; David antere yo ansanm ak zo Sayil. Apre sa, yon jeyan Filisten manke touye l.

Chapit 21.

Nan tan David t'ap gouvènen, yon grangou te tonbe sou peyi a pandan twazan, lanne apre lanne. Se konsa David al chache konnen sa nan men Papa nou. Papa nou di: “San koule sou Sayil ak sou fanmi li, paske li te touye moun Gabawon yo.”

Se konsa wa a fè rele moun Gabawon yo, li pale ak yo. (Moun Gabawon yo pa t' moun Izrayèl, se te yon ti rès nan moun Amori yo. Pèp Izrayèl te fè sèman pou yo pa t' touche yo, men Sayil, nan gwo renmen li te genyen pou Izrayèl ak Jida, te chache touye yo.). David mande moun Gabawon yo: “Kisa m' ka fè pou nou? Kijan m' ka fè reparasyon pou nou ka beni pèp Papa nou an?”

Moun Gabawon yo reponn li: “Se pa yon keksyon lajan osinon lò ki genyen ant nou menm ak Sayil ansanm ak fanmi li. Nou pa gen dwa touye pèsonn nan peyi Izrayèl.” David di: “Nenpòt sa nou di, m'ap fè l' pou nou.”

Yo di wa a: “Nonm ki te detwi nou an, ki te fè konplo pou disparèt nou, pou nou pa t' gen yon kote pou nou rete nan tout peyi Izrayèl la, se pou yo lage sèt gason nan pitit pitit li yo bay nou, n'a pann yo devan Senyè a nan Gibeya, lavil Sayil la, moun Senyè a te chwazi a.” Wa a di: “M'ap lage yo bay nou.”

Men wa a pa t' manyen Mefibochèt, pitit Jonatan, pitit Sayil, poutèt sèman David ak Jonatan, pitit Sayil la, te fè devan Papa nou. Men wa a pran Amoni ak Mefibochèt, de pitit gason Rispa, pitit fi Aja, te fè pou Sayil, ansanm ak senk pitit gason Merab, pitit fi Sayil, te fè pou Adriyèl, pitit Bazilayi, moun lavil Mewola. Li lage yo nan men moun Gabawon yo, ki pann yo sou mòn lan devan Papa nou. Tou lè sèt la mouri ansanm. Yo te touye yo nan premye jou rekòt la, lè rekòt lòj la t'ap konmanse.

Lè sa a, Rispa, pitit fi Aja, pran yon rad sak, li tann li sou wòch la, depi konmansman rekòt la jouk lapli tonbe sou kadav yo. Lajounen li t'ap anpeche zwazo poze sou yo, lannwit li t'ap anpeche bèt nan bwa manje yo. a a v10 Rad sak se te yon rad twal gwonn, ki fonse, moun te konn mete sou yo pou montre yo nan lapenn ak nan gwo chagren. Lè yo rakonte David sa Rispa, pitit fi Aja, fanm kay Sayil la, te fè, li al jwenn moun lavil Jabès nan peyi Galarad, li pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan, pitit gason li, moun sa yo te pran an kachèt sou plas piblik lavil Bèt-Chean, kote moun Filisti yo te pann yo jou yo te touye Sayil nan mòn Gilboa a. Li pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan, pitit gason li, li pote yo soti la. Apre sa, yo ranmase zosman moun yo te pann yo. Yo antere zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan, pitit gason li, nan peyi moun Benjamen yo, lavil Zela, nan kavo Kich, papa Sayil la. Yo fè tou sa wa a te bay lòd fè. Apre sa, Papa nou reponn lapriyè yo te fè pou peyi a.

Vanyan Sòlda David yo Kraze Jeyan Moun Filisti yo

Lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak pèp Izrayèl la. David desann ansanm ak sòlda li yo al goumen ak moun Filisti yo, epi li te bouke. Ichbi-Benòb, yonn nan pitit pitit Rafa yo, te gen yon frenn an kwiv ki te peze anviwon sèt liv edmi, epi li te gen yon nepe tou nèf mare nan ren li. Li te prèt pou touye David. b b v16 Rafa se te zansèt yon branch fanmi vanyan sòlda ki te gwo depase mezi — jeyan ki t'ap goumen pami moun Filisti yo. Men Abichayi, pitit Sewouya a, vin pote David sekou, li frape moun Filisti a, li touye l'. Lè sa a, moun David yo fè sèman ba li, yo di: “Ou p'ap janm soti ankò ansanm ak nou pou al nan lagè, pou ou pa touye lanp pèp Izrayèl la.”

Apre sa, lagè pete ankò ak moun Filisti yo nan lavil Gòb. Lè sa a, Sibekayi, moun lavil Oucha, touye Saf, yonn nan pitit pitit Rafa yo. Te gen yon lòt lagè ankò ak moun Filisti yo nan lavil Gòb. Lè sa a, Elanan, pitit Jaare-Orejim, moun lavil Betleyèm, touye Golyat, moun lavil Gat la, ki te gen yon frenn ak yon manch menm gwosè ak gwo bwa travès moun k'ap tise sèvi. Lagè pete ankò nan lavil Gat. Lè sa a, te gen yon nonm bèl wotè ki te gen sis dwèt nan chak men ak sis zòtèy nan chak pye, vennkat antou. Li menm tou se nan ras Rafa li te soti. Lè li t'ap pase pèp Izrayèl la nan betiz, Jonatan, pitit Chimeyi, frè David la, touye l'. Kat gason sa yo te soti nan ras Rafa nan lavil Gat. Yo tout mouri anba men David ak sòlda li yo.