Pa gen pyès moun ki fè byen
Pou chèf sanba yo. Dapre mòd Malat. Yon sòm David ki bay bon konprann.
Prèske menm jan ak Sòm 14. Papa nou egzamine tout limanite, l ap chèche yon sèl moun ki konprann, li pa jwenn pesonn. Moun k ap devore pèp li a tonbe nan gwo laperèz kote pa t gen anyen pou pè. Li fini ak yon anvi pou delivrans soti nan Siyon.
53 1Moun sòt la di nan kè l: “Pa gen Bondye.” Yo kòwonpi, y'ap fè bagay ki degoutan; pa gen pyès moun ki fè byen.
2Papa nou gade anba soti nan syèl la sou tout lèzòm pou l wè si gen yon moun ki gen konprann, yon moun k'ap chèche l. 3Yo tout vire do ban li; ansanm yo tout vin kòwonpi; pa gen pyès moun ki fè byen, pa menm yon sèl.
4Èske moun k'ap fè mal yo pa gen konesans menm—yo menm k'ap devore pèp mwen an menm jan yo manje pen, epi ki pa rele non Papa nou? 5Se la yo te pran yon sèl laperèz, kote pa t gen anyen pou fè yo pè; paske Papa nou gaye zo moun ki te moute kan kont ou a; ou fè yo wont, paske Papa nou voye yo jete.
6Ayayay, si delivrans pou Izrayèl te ka soti nan mòn Siyon! Lè Papa nou va fè pèp li a kanpe ankò, kite Jakòb fè fèt, kite Izrayèl kontan.