Lòd Papa a Bay
Premye jou nan ane a, yo monte tout bagay, yo sakre yo, yo mete yo nan plas yo, yo lave Arawon ak pitit gason l yo epi yo abiye yo. Apre sa, nwaj la kouvri tant lan epi glwa Papa nou plen l nèt, jiskaske Moyiz pa ka antre. Depi lè sa a, se nwaj la ki deside lè pou yo deplase.
40 1Lè sa a, Papa nou pale ak Moyiz, li di:
2“Monte tabènak la, tant randevou a, nan premye jou premye mwa a. 3Mete Bwat Kontra a ladan l, epi sèvi ak rido a pou kache bwat la. 4Pote tab la antre, ranje tout sa ki pou mete sou li, pote lanp sèt branch lan antre, epi limen ti lanp li yo. 5Mete lotèl lò pou boule lansan an devan Bwat Kontra a, epi mete rido a nan papòt tabènak la. 6Mete lotèl pou boule ofrann yo devan papòt tabènak la, tant randevou a, 7epi mete basen an ant tant randevou a ak lotèl la, epi mete dlo ladan l. 8Monte lakou a toutotou, epi pandye rido a nan pòtay lakou a.
9“Pran lwil pou mete apa a, pase l sou tabènak la ak tout sa ki ladan l; mete l apa ansanm ak tout mèb li yo, konsa l'a sen. 10Pase lwil sou lotèl pou boule ofrann yo ak tout bagay ki sèvi avè l; mete lotèl la apa, konsa lotèl la va yon bagay ki sen apa nèt. 11Pase lwil sou basen an ak pye l, epi mete l apa.
12“Lè sa a, mennen Arawon ak pitit gason l yo nan papòt tant randevou a, epi benyen yo ak dlo. 13Abiye Arawon ak rad sen yo, pase lwil sou li, mete l apa, pou l ka sèvi m kòm prèt. 14Mennen pitit gason l yo, abiye yo ak chemiz long yo. 15Pase lwil sou yo menm jan ou te pase lwil sou papa yo, pou yo ka sèvi m kòm prèt. Lwil ou pase sou yo a ba yo yon sèvis prèt k'ap dire pou tout jenerasyon k'ap vini yo.”
16Moyiz fè tout bagay jan Papa nou te ba li lòd la. 17Nan premye mwa dezyèm ane a, nan premye jou mwa a, yo monte tabènak la. 18Moyiz monte tabènak la: li poze sòkè li yo, li plante ankadreman li yo, li pase travès li yo, epi li drese poto li yo. 19Li louvri tant lan sou tabènak la, epi li mete kouvèti a anwo l, jan Papa nou te bay Moyiz lòd la. 20Li pran Temwayaj la, li mete l nan bwat la, li pase poto yo nan bwat la, epi li mete kouvèti padon an anwo bwat la. 21Li pote Bwat Kontra a antre nan tabènak la, li pandye rido a pou kache l, epi li kouvri Bwat Kontra a, jan Papa nou te bay Moyiz lòd la. 22Li mete tab la nan tant randevou a, sou bò nò tabènak la, deyò rido a, 23epi li ranje pen yo sou li devan Papa nou, jan Papa nou te bay Moyiz lòd la. 24Li mete lanp sèt branch lan nan tant randevou a, anfas tab la, sou bò sid tabènak la, 25epi li ranje ti lanp yo devan Papa nou, jan Papa nou te bay Moyiz lòd la. 26Li mete lotèl lò a nan tant randevou a, devan rido a, 27epi li boule lansan ki santi bon an sou li, jan Papa nou te bay Moyiz lòd la. 28Apre sa, li pandye rido a nan papòt tabènak la. 29Li mete lotèl pou boule ofrann yo nan papòt tabènak la, tant randevou a, epi li ofri sou li ofrann pou boule a ak ofrann grenn jaden an, jan Papa nou te bay Moyiz lòd la. 30Li mete basen an ant tant randevou a ak lotèl la, li mete dlo ladan l pou lave kò, 31se ladan l Moyiz, Arawon ak pitit gason l yo te lave men yo ak pye yo. 32Chak fwa yo te antre nan tant randevou a oswa yo te pwoche bò lotèl la, yo te lave kò yo, jan Papa nou te bay Moyiz lòd la. 33Li monte lakou a toutotou tabènak la ak lotèl la, epi li pandye rido a nan pòtay lakou a. Se konsa Moyiz fini travay la.
Glwa li Plen Tabènak la
34Lè sa a, nyaj la kouvri tant randevou a, epi glwa Papa nou plen tabènak la. 35Moyiz pa t ka antre nan tant randevou a, paske nyaj la te poze sou li, epi glwa Papa nou te plen tabènak la. 36Chak fwa nyaj la te leve anlè tabènak la, moun pèp Izrayèl yo te pati pou chak etap vwayaj yo; 37men si nyaj la pa t leve, yo pa t pati jouk jou li te leve a. 38Paske nyaj Papa nou an te kouvri tabènak la lajounen, epi te gen dife ladan l lannwit, pou tout pèp Izrayèl la te ka wè l pandan tout vwayaj yo.