David ap rele pou mande sekou
Yon chigayon David, li te chante l pou Papa nou sou Kouch, yon moun nan branch fanmi Benjamen an.
Kouch, moun Benjamen an, akize l, epi David fè yon sèman: si li te remèt yon zanmi mal, kite lènmi l kraze l nan pousyè. Li mande Papa l, Jij ki sonde kè yo, pou l aji, epi li gade moun brital yo tonbe nan pwòp twou yo.
7 1O Papa mwen, se nan ou mwen pran refij; sove m anba tout moun k'ap kouri dèyè m, delivre m, 2pou l pa dechire m tankou yon lyon, pou l pa dechèpiye m an moso san pèsonn pou delivre m. 3O Papa mwen, si m te fè sa — si gen mal nan men m, 4si m te rann zanmi m mal pou byen, oswa si m te piye lènmi m san rezon, 5enben, se pou lènmi an kouri dèyè m jouk li trape m, se pou l pile lavi m atè, se pou l kouche onè m nan pousyè.
6Leve non, Papa mwen, nan kòlè ou; kanpe kont raj lènmi m yo; leve pou mwen — ou fikse jijman an. 7Se pou reyinyon pèp yo sanble bò kote ou; chita byen wo anlè yo. 8Papa nou ap jije pèp yo. Fè m jistis, Papa mwen, dapre jistis mwen ak dapre dwati ki nan mwen. 9Fè mechanste mechan yo sispann, men soutni moun ki jis yo — ou menm ki sonde lespri ak kè moun, O Papa ki jis. 10Papa mwen se boukliye mwen, li menm ki sove moun ki gen kè dwat. 11Papa nou se yon jij ki jis, yon Bondye ki fache chak jou. 12Si yon moun pa repanti, Papa nou va file nepe l; li deja bande banza l, li pare l. 13Li pare zam ki pote lanmò yo; l'ap fè flèch li yo tounen flèch k'ap boule. 14Gade jan mechan an gwòs ak mechanste; li vin ansent ak traka, li akouche manti. 15Li fouye yon twou, li fè l byen fon, men se nan twou li fè a menm li tonbe. 16Traka li tounen sou pwòp tèt li; vyolans li desann sou pwòp zo bwa tèt li. 17M'ap di Papa mwen mèsi pou jistis li, m'ap chante lwanj pou non Papa mwen, Trèwo a.