Anoun fè sèvitè David yo wont
David voye kondoleyans bay nouvo wa Amon an, men konseye l yo konvenk li anvwaye yo se espyon. Yo raze mwatye bab yo epi yo koupe rad yo nan ren. Amon lwe lame Aram yo; Joab separe twoup li yo ak Abichayi, epi li kite rezilta a nan men Papa nou.
10 1Apre sa, wa moun Amon yo mouri, epi Anoun, pitit gason l, moute wa nan plas li. 2David di: “M'ap fè Anoun, pitit gason Nakach, bonkè, menm jan papa l te fè m bonkè.” Se konsa li voye kèk sèvitè al konsole l pou lanmò papa l. Men lè sèvitè David yo rive nan peyi moun Amon yo, 3chèf moun Amon yo di Anoun, mèt yo: “Èske ou kwè se pou onore papa ou David voye moun sa yo vin konsole ou? Èske se pa pou vin fouye lavil la, pou espyonnen l, epi pou devire l David voye sèvitè l yo lakay ou?”
4Anoun mete men sou sèvitè David yo, li raze mwatye bab chak moun, li koupe rad yo jouk nan ren, epi li voye yo ale. 5Lè yo vin di David sa, li voye kèk mesaje al kontre yo, paske mesye yo te wont anpil. Wa a di: “Rete lavil Jeriko jouk bab nou repouse, apre sa n'a tounen.”
6Lè moun Amon yo wè yo te vin yon move sant nan nen David, yo voye lwe moun Aram ki soti Bèt-Reyòb ak moun Aram ki soti Zoba — venmil sòlda apye — wa Maka a ak milòm, epi mesye Tòb yo ak douzmil òm. 7Lè David tande sa, li voye Joab ansanm ak tout lame vanyan sòlda yo. 8Moun Amon yo soti, yo pran pozisyon pou batay devan pòtay lavil la, pandan moun Aram ki soti Zoba ak Reyòb yo, mesye Tòb yo ak Maka yo te kanpe apa nan plenn lan.
9Joab wè batay la te kanpe kont li ni devan ni dèyè, se konsa li chwazi kèk nan pi bon sòlda Izrayèl yo, li ranje yo kont moun Aram yo. 10Rès moun yo, li mete yo anba kòmandman Abichayi, frè l, pou yo ranje kont moun Amon yo. 11Joab di: “Si moun Aram yo twò fò pou mwen, w'a vin sove m; si moun Amon yo twò fò pou ou, m'a vin sove ou. 12Mete gason sou ou, annou gen kouraj pou pèp nou an ak pou lavil Papa nou yo. Se pou Papa nou fè sa li wè ki bon.” 13Lè sa a, Joab ak sòlda ki te avè l yo mache al goumen ak moun Aram yo, epi moun Aram yo kouri met deyò devan l. 14Lè moun Amon yo wè moun Aram yo t'ap kouri, yo menm tou yo kouri met deyò devan Abichayi, epi yo antre nan lavil la. Se konsa Joab kite moun Amon yo, li tounen Jerizalèm.
15Lè moun Aram yo wè Izrayèl te bat yo, yo reyini ansanm ankò. 16Adadezè voye rele moun Aram ki lòt bò larivyè Lefrat yo; yo vin Elam, epi Chobak, kòmandan lame Adadezè a, t'ap mennen yo. 17Lè David tande sa, li sanble tout pèp Izrayèl la, li janbe lòt bò larivyè Jouden, epi li rive Elam. Moun Aram yo ranje kont David, yo goumen avè l. 18Men moun Aram yo kouri met deyò devan Izrayèl. David touye sètsan nan sòlda cha lagè yo ak karantmil kavalye, apre sa li frape Chobak, kòmandan lame yo, ki mouri la menm. 19Lè tout wa ki te anba Adadezè yo wè Izrayèl te bat yo, yo fè lapè ak Izrayèl epi yo sèvi yo. Se konsa moun Aram yo te pè pote sekou bay moun Amon yo ankò.