Lanp Papa a Limen San Rete
Lwil pou lanp lan ak douz pen rete devan Papa nou tout tan, yo ranje yo fre chak jou Saba. Apre sa, yon nonm modi Non an pandan yon goumen, yo lapide l, epi desizyon ki vini avè l la di se yon sèl lalwa pou etranje kou pou moun ki fèt nan peyi a.
24 1Papa nou pale ak Moyiz, li di l:
2“Bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pote ban ou lwil oliv pi, oliv yo kraze byen kraze, pou limyè a, pou yon lanp ka limen san rete. 3Deyò rido temwayaj la ki nan tant randevou a, Aron va okipe l devan mwen depi aswè jouk maten, san rete. Sa se yon regleman k'ap dire pou tout jenerasyon nou yo. a a v3 Mo ‘temwayaj’ la vle di de wòch plat kontra a ki te sere nan Bwat Kontra a. 4Sou pye lanp ki pwòp la, l'a okipe lanp yo devan mwen san rete.
5“W'a pran bon farin, w'a kwit douz pen. Chak pen va fèt ak katr liv edmi farin. 6W'a ranje yo an de ranje, sis pen nan chak ranje, sou tab ki pwòp la devan mwen. 7W'a mete lansan pi sou chak ranje pou sèvi kòm pòsyon pen an k'ap fè chonje, yon ofrann manje pou mwen. 8Chak jou saba, l'a ranje yo devan mwen san rete, nan non pèp Izrayèl la, tankou yon kontra ki la pou tout tan. 9Pen yo se pou Aron ak pitit gason l yo, se pou yo manje yo yon kote ki apa pou mwen. Se yon pòsyon ki apa nèt pou li, nan ofrann manje yo fè pou mwen. Se pa yo pou tout tan.”
Yo Defann Non Papa a
10Pitit gason yon fanm Izrayelit — papa l te yon moun peyi Lejip — soti nan mitan moun pèp Izrayèl yo. Nan kan an, pitit gason fanm Izrayelit la goumen ak yon nonm pèp Izrayèl. 11Pitit gason fanm Izrayelit la derespekte Non an, li bay madichon. Yo mennen l bay Moyiz. Manman l te rele Chelomit, pitit fi Dibri, nan branch fanmi Dann. 12Yo mete l nan prizon jouk Papa nou fè yo konnen sa pou yo fè. 13Lè sa a, Papa nou pale ak Moyiz, li di l:
14“Mennen moun ki bay madichon an deyò kan an. Tout moun ki te tande l va mete men yo sou tèt li, epi tout kominote a va kalonnen l ak kout wòch. b b v14 Temwen yo te mete men yo sou tèt moun ki te derespekte a pou voye tounen sou li fòt yo te pran lè yo te tande madichon an. 15W'a di moun pèp Izrayèl yo: Nenpòt moun ki bay Papa nou madichon va pote peche l sou do l. 16Nenpòt moun ki derespekte non mwen gen pou l mouri. Tout kominote a va kalonnen l ak kout wòch. Kit se yon etranje, kit se yon moun peyi a, nenpòt moun ki derespekte Non an gen pou l mouri.
17“Nenpòt moun ki touye yon lòt moun gen pou yo touye l tou. 18Nenpòt moun ki touye yon bèt gen pou l renmèt li, lavi pou lavi. 19Si yon moun blese frè parèy li, y'a fè l menm jan an: 20Zo kase pou zo kase, je pou je, dan pou dan. Jan yon moun blese yon lòt, se konsa y'a fè l tou. 21Moun ki touye yon bèt va renmèt li; men moun ki touye yon moun, y'a touye l. 22Se menm règleman an pou etranje a tankou pou moun peyi a, paske se mwen menm ki Papa nou.”
23Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo. Yo pran moun ki te bay madichon an, yo mennen l deyò kan an, yo kalonnen l ak kout wòch jouk li mouri. Moun pèp Izrayèl yo fè jan Papa nou te bay Moyiz lòd la.