Yon Wa Ki Te Chèche Papa a
Ozyas chèche Papa nou pandan Zakari ap enstwi l, e li pwospere: tou, sitèn, tè pou kiltive, yon lame ki byen fòme, machin pou atake lavil. Apre sa fòs vin tounen lògèy. Li fòse antre pou l boule lansan, epi maladi po pete sou fwon l bò lotèl la.
26 1Lè sa a, tout pèp Jida a pran Ozyas, ki te gen sèzan, yo fè l wa nan plas Amasya, papa li. 2Se li ki rebati lavil Elòt, li renmèt li bay Jida apre wa a te al jwenn zansèt li yo. 3Ozyas te gen sèzan lè li moute wa, li gouvènen pandan senkanndezan nan lavil Jerizalèm. Manman li te rele Jekolya, moun lavil Jerizalèm. 4Li te fè sa ki dwat nan je Papa nou, menm jan ak Amasya, papa li. 5Li te lage kò l nèt nan chèche Papa nou pandan tout tan Zakari te la, moun ki te montre l gen krentif pou Papa nou. Pandan tout tan li t'ap chèche Papa nou, Papa nou te fè tout bagay mache byen pou li.
6Li soti, li fè lagè ak moun Filisti yo, li kraze miray lavil Gat, lavil Jabne ak lavil Asdòd. Li bati lòt lavil toupre Asdòd ak nan mitan moun Filisti yo. 7Papa nou te ede l goumen kont moun Filisti yo, kont moun Arab ki rete lavil Gourbaal yo, ak kont moun Meyoun yo. 8Moun Amon yo te peye Ozyas taks. Non li te rive jouk sou fwontyè peyi Lejip, paske li te vin gen anpil pouvwa. 9Ozyas bati gwo fò nan lavil Jerizalèm bò Pòtay Kwen an, bò Pòtay Fon an ak bò kote yo rele Ang lan, epi li ranfòse yo. a a v9 Ang lan te yon pòsyon nan miray lavil Jerizalèm ki te soti deyò, ki pa menm bagay ak pòtay yo te site yo. 10Li bati gwo fò nan dezè a, li fouye anpil sitèn dlo, paske li te gen anpil bèt nan plenn ki anba yo ak nan platon an. Li te gen moun k'ap travay latè ak moun k'ap okipe jaden rezen nan mòn yo ak nan bon tè yo, paske li te renmen travay latè. 11Ozyas te gen yon lame sòlda byen antrene ki te konn soti al fè lagè pa gwoup, dapre kont Jeyèl, sekretè a, ak Maseja, ofisye a, te fè anba lòd Ananya, youn nan chèf wa a yo. 12Kantite chèf fanmi ki te alatèt vanyan sòlda yo te rive demil-sisan (2.600) antou. 13Anba lòd yo te gen yon lame twasansètmil-senksan (307.500) sòlda, byen antrene pou fè lagè ak gwo fòs, pou ede wa a goumen kont lènmi li yo. 14Ozyas bay tout lame a plak pwotèj, frenn, kas an fè, rad an fè, banza ak wòch pou fistibal. 15Nan lavil Jerizalèm, li fè yon bann aparèy moun ki gen bon konprann te envante, pou mete sou gwo fò yo ak sou kwen miray yo pou voye flèch ak pou voye gwo wòch. Non li gaye byen lwen, paske li te resevwa yon èd estraòdinè jouk li vin gen anpil pouvwa.
Lògèy Ozyas ak Chit Li
16Men, lè Ozyas te vin gen pouvwa, kè l vin gonfle ak lògèy, sa ki te lakòz chit li. Li pa t' kenbe pawòl li ak Papa nou, li antre nan tanp Papa nou pou l boule lansan sou lotèl lansan an. 17Azarya, prèt la, antre dèyè l ansanm ak katreven prèt Papa nou ki te gen kouraj. 18Yo kanpe devan wa Ozyas, yo di l: “Se pa travay ou, Ozyas, pou boule lansan pou Papa nou. Se travay prèt yo, pitit Arawon yo, moun yo mete apa pou boule lansan. Soti nan kote ki apa a. Ou pa kenbe pawòl ou, epi sa p'ap ba ou okenn lonè devan Papa nou.”
19Ozyas fè yon sèl kòlè. Li te gen yon ansanswa nan men l pou boule lansan. Pandan li t'ap rele sou prèt yo, yon maladi po ki mete moun nan kondisyon pa pwòp parèt sou fwon li, la menm devan prèt yo, nan kay Papa nou an, bò kote lotèl lansan an. 20Lè Azarya, granprèt la, ak tout lòt prèt yo vire gade l, yo wè maladi a sou fwon li, yo prese fè l soti. Li menm tou li te prese ale, paske se Papa nou ki te frape l. 21Wa Ozyas rete ak maladi a jouk li mouri. Li te rete nan yon kay apa, toujou ak maladi a, yo te koupe l met deyò kay Papa nou an. Se Jotam, pitit gason li, ki t'ap dirije palè a, k'ap gouvènen pèp peyi a.
22Rès istwa Ozyas la, depi nan konmansman jouk nan bout, se pwofèt Ezayi, pitit gason Amòz la, ki ekri l. 23Ozyas al jwenn zansèt li yo. Yo antere l toupre yo nan yon jaden antèman ki te pou wa yo, paske yo te di: “Li te gen yon maladi po.” Se Jotam, pitit gason li, ki moute wa nan plas li.