Yo montre gwo jennès la
Yon zanj montre Jan yon fanm abiye an mov, ki sou ak san temwen Jezi yo, ki chita sou yon bèt wouj fonse. Jan rete sezi; zanj lan esplike l tèt yo ak kòn yo. Alafen, bèt la ak wa li yo vire kont li, yo boule l, e konsa yo sèvi plan Papa nou.
17 1Yonn nan sèt zanj ki te gen sèt gode yo vin pale avè m, li di m: “Vini non, m'ap montre ou ki jijman ki pral tonbe sou gwo jennès la, li menm ki chita sou anpil dlo. 2Wa latè yo te fè peche seksyèl avè l, epi moun ki rete sou latè yo te sou ak diven peche l la.” 3Lespri a pran m, li mennen m nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm chita sou yon bèt wouj san. Bèt la te kouvri ak non ki t'ap derespekte Bondye, li te gen sèt tèt ak dis kòn. 4Fanm lan te abiye ak rad violèt ak rad wouj san, li te chaje ak lò, ak pyè presye, ak grenn pèl. Li te kenbe nan men l yon gode an lò ki te plen ak bagay k'ap bay degoutans ak salte peche seksyèl li yo. 5Sou fon li te gen yon non ekri, yon sekrè: “Gwo lavil Babilòn, manman tout jennès ak tout bagay k'ap bay degoutans sou latè.”
6Mwen wè fanm lan te sou ak san moun Bondye yo, san moun ki te temwaye pou Jezi yo. Lè mwen wè l, mwen te sezi anpil.
7Zanj lan mande m: “Poukisa ou sezi konsa? M'ap di ou sekrè fanm lan ak sekrè bèt k'ap pote l la, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn lan. 8Bèt ou te wè a te la, kounye a li pa la ankò, men li prèt pou l moute soti nan gwo twou san fon an pou l al nan destriksyon l. Moun k'ap viv sou latè yo, sa yo ki pa gen non yo ekri nan liv lavi a depi lè Bondye te kreye monn lan, yo pral sezi lè y'a wè bèt la, paske li te la, li pa la ankò, men l'ap vini.
9Isit la, se pou moun gen bon konprann: sèt tèt yo se sèt mòn kote fanm lan chita a, epi yo se sèt wa tou. 10Senk ladan yo gen tan tonbe, yonn la kounye a, lòt la poko vini. Lè l'a vini, li p'ap rete lontan. 11Bèt ki te la, men ki pa la ankò a, li menm se yon wityèm wa, men li fè pati sèt yo tou, epi l'ap mache sou destriksyon l. 12Dis kòn ou te wè yo, se dis wa ki poko resevwa yon wayòm, men y'ap resevwa otorite pou yo wa pandan yon sèl è ansanm ak bèt la. 13Yo tout gen yon sèl lide, epi yo lage pouvwa yo ak otorite yo nan men bèt la.
14Yo pral goumen ak ti Mouton an, men ti Mouton an pral kraze yo, paske se li menm ki Senyè tout senyè ak Wa tout wa. Moun ki avè l yo, se moun li rele, moun li chwazi, moun ki kenbe fèm.” 15Zanj lan di m ankò: “Dlo ou te wè kote jennès la chita a, se pèp, se foul moun, se nasyon ak lang. 16Dis kòn ou te wè yo ak bèt la pral rayi jennès la. Yo pral kite l san anyen, toutouni, yo pral manje chè l, epi yo pral boule l nèt nan dife. 17Paske se Papa nou ki mete nan kè yo lide pou yo fè sa l vle, pou yo mete tèt yo ansanm nan yon sèl lide, epi pou yo lage wayòm yo nan men bèt la, jouk pawòl Papa nou yo rive akonpli. a a v17 Menm wa k'ap fè rebèl yo, k'ap sèvi bèt la, y'ap fè sa Papa nou vle a. Se li menm k'ap dirije istwa a pou l rive nan viktwa ti Mouton an. 18Fanm ou te wè a, se gwo lavil la k'ap gouvène wa latè yo.”