Pa Gen Okenn Defo Nan Ou
Nonm nan fè lwanj fanm nan pati pa pati, li rele l madanm li ak sè l, li di pa gen okenn defo nan li. Li se yon jaden ki fèmen, yon sous ki sele, pou li sèlman. Nan fen an, fanm nan reponn, li rele van an epi li menm li louvri jaden sa a.
4 1Ala bèl ou bèl, cheri mwen, ala bèl ou bèl! Je ou tankou pijon dèyè vwal ou. Cheve ou tankou yon bann kabrit k'ap desann sou pant mòn Galarad yo. 2Dan ou tankou yon bann mouton yo fèk taye lenn yo, k'ap moute soti nan dlo kote yo benyen yo, chak grenn fè marasa, pa gen yonn nan yo ki pèdi pitit li. 3Bouch ou tankou yon fil wouj, bouch ou bèl anpil. Machwè ou tankou de moso grenad dèyè vwal ou. 4Kou ou tankou gwo fò David la, yo bati l' an ranje wòch; sou li gen 1.000 plak pwotèj pandye, chak grenn se plak pwotèj yon vanyan sòlda. 5De tete ou tankou de ti gazèl, marasa yon bèt bwa k'ap manje nan mitan flè lis yo. 6Jouk jou a pran respire epi lonbraj yo sove ale, m'ap moute nan mòn lami a ak sou ti mòn lansan an. 7Ou bèl nèt, cheri mwen; pa gen okenn defo nan ou.
8Vini avè m' soti peyi Liban, lamarye mwen; vini avè m' soti peyi Liban. Voye je ou anba soti sou tèt mòn Amana, soti sou tèt mòn Seni ak mòn Emon, soti nan twou kote lyon rete, soti sou mòn kote leyopa ap veye. 9Ou pran kè m', sè mwen, lamarye mwen; ou pran kè m' ak yon sèl kout je ou, ak yon sèl grenn bijou nan kolye ou. 10Ala bèl renmen ou bèl, sè mwen, lamarye mwen! Renmen ou pi bon lontan pase diven, epi sant lwil ou yo pi bon pase tout epis! 11Bouch ou ap degoute siwo myèl, lamarye mwen; siwo myèl ak lèt anba lang ou, epi sant rad ou yo tankou sant peyi Liban.
12Yon jaden yo fèmen ak kle, se sa sè mwen, lamarye mwen, ye, yon sous yo fèmen ak kle, yon fontèn yo sele. 13Branch ou yo se yon jaden grenad ak pi bon fwi yo, pye ena ak pye na, 14na ak safran, kalamis ak kanèl, ak tout kalite pye lansan, lami ak alwès, ak tout pi bon epis yo. a a v14 Kalamis se yon wozo santi bon moun sèvi kòm epis. 15Ou se yon fontèn jaden, yon pi dlo vivan, ak dlo larivyè k'ap koule desann soti peyi Liban. 16Leve, van nò, epi vini, van sid! Soufle sou jaden mwen an, pou epis li yo ka koule. Kite moun mwen renmen an vin antre nan jaden li, pou l' manje pi bon fwi li yo.