Nasyon yo ap kouri vin sou mòn Papa nou an
Nasyon yo monte sou mòn Papa nou an pou yo resevwa enstriksyon, yo bat nepe yo fè yo tounen soc chari, chak moun chita anba pye rezen pa l san okenn pè. Apre sa, je nou retounen sou tan prezan an: Siyon gen doulè tranche, l ap soti pou l ale Babilòn, epi se la a li delivre, olye yo te evite l vwayaj la.
4 1Nan dènye jou yo, mòn kote kay Papa nou kanpe a pral byen tabli tankou mòn ki pi wo nan tout mòn yo, y'ap leve l anlè pi wo pase ti mòn yo, epi pèp yo ap kouri vin sou li. 2Anpil nasyon ap vini, y'a di: “Vini non, ann moute sou mòn Papa nou an, nan kay Bondye Jakòb la, pou li ka moutre nou chemen li yo pou nou ka mache nan wout li yo.” Paske enstriksyon an ap soti nan Siyon, epi pawòl Papa nou ap soti nan Jerizalèm. 3L'ap jije anpil pèp, l'ap regle kont pou gwo nasyon ki byen lwen. Yo pral bat nepe yo fè chari, epi frenn yo fè kouto pou taye pye rezen; yon nasyon p'ap leve nepe kont yon lòt nasyon, ni yo p'ap aprann fè lagè ankò. 4Chak moun ap chita anba pye rezen pa li, anba pye fig frans pa li, epi pèsonn p'ap fè yo pè, paske se Papa lame syèl la menm ki pale. 5Paske tout pèp yo ap mache nan non bondye pa yo, men nou menm, n'ap mache nan non Papa nou pou tout tan gen tan.
Papa nou ranmase pitit li yo ki te gaye
6Jou sa a, se sa Papa nou di, m'ap ranmase moun k'ap bwete yo, m'ap sanble moun yo te mete deyò yo, moun mwen te frape yo. 7M'ap fè moun k'ap bwete yo tounen yon ti rès, m'ap fè moun yo te chase byen lwen yo tounen yon gwo nasyon, epi Papa nou ap gouvènen yo sou mòn Siyon depi koulye a pou tout tan.
8Epi ou menm, gwo fò bann mouton an, ti mòn pitit fi Siyon an, se sou ou l'ap vini—ansyen pouvwa a ap tounen, wayòm pitit fi Jerizalèm lan.
9Koulye a, poukisa w'ap rele byen fò konsa? Èske pa gen wa nan mitan ou? Èske konseye ou a mouri, kifè doulè pran ou tankou yon fanm ki gen tranche? 10Tòde kò ou, plenn, pitit fi Siyon, tankou yon fanm ki gen tranche, paske koulye a w'ap soti nan lavil la, w'ap rete nan plenn nan; w'ap ale Babilòn. Se la y'a delivre ou; se la Papa nou ap rachte ou anba men lènmi ou yo.
11Koulye a, anpil nasyon sanble kont ou, y'ap di: “Se pou yo derespekte l, se pou je nou pran plezi wè malè Siyon.” 12Men yo pa konnen sa Papa nou ap panse; yo pa konprann plan li, jan li ranmase yo tankou jèb sou glasi bataj la. 13Leve, bat ble a, pitit fi Siyon, paske m'ap fè kòn ou tounen fè, zago ou tounen kwiv; w'ap kraze anpil pèp, epi w'ap mete apa sa yo genyen an pou Papa nou, richès yo pou Mèt tout latè a.