Dènye Pawòl Moyiz
A san ven lane, Moyiz renmèt travay la: Papa nou ale devan e li p ap janm kite w, Jozye va dirije. Yo ekri lalwa a, pou yo li l byen fò chak setyèm ane devan tout moun, menm timoun yo. Yo aprann yon chante, paske li konnen yo pral vire do.
31 1Apre sa, Moyiz al pale tout pèp Izrayèl la pawòl sa yo. 2Li di yo: “Jòdi a, mwen gen 120 lane. Mwen pa ka soti ni antre ankò, epi Papa nou di mwen: ‘Ou p'ap travèse larivyè Jouden sa a.’ 3Papa nou menm ap travèse devan nou. L'ap detwi nasyon sa yo devan nou, epi n'a pran peyi yo nan men yo. Jozye ap travèse devan nou, jan Papa nou te di a. 4Papa nou pral fè yo menm jan li te fè Siyon ak Òg, wa peyi Amori yo, ansanm ak peyi yo a, lè li te detwi yo. 5Papa nou pral lage yo nan men nou, epi se pou nou fè yo egzakteman jan mwen te ban nou lòd la. 6Pran kouraj, kenbe fèm. Pa pè yo, pa tranble devan yo, paske Papa nou prale avèk nou. Li p'ap janm kite nou, ni li p'ap janm lage nou.”
7Moyiz rele Jozye, li di l devan tout pèp Izrayèl la: “Pran kouraj, kenbe fèm. Se ou menm k'ap antre ak pèp sa a nan peyi Papa nou te sèmante bay zansèt yo a pou l ba yo, epi se ou menm k'ap separe l ba yo pou l tounen eritaj yo. 8Papa nou menm ap mache devan ou. L'ap avèk ou. Li p'ap janm kite ou, ni li p'ap janm lage ou. Pa pè, pa dekouraje.”
Lalwa a Konfye bay Pèp Izrayèl la
9Moyiz ekri lalwa sa a, li renmèt li bay prèt yo, pitit Levi yo, ki te konn pote Bwat Kontra Papa nou an, ak bay tout chèf fanmi nan pèp Izrayèl la. 10Apre sa, Moyiz ba yo lòd sa a: “Chak sèt lane, nan epòk ki fikse pou lane remèt dèt la, pandan Fèt Joupa yo, a a v10 Fèt Joupa yo: yon fèt rekòt nan sezon otòn ki te dire yon semèn, kote fanmi yo te bati ti joupa pou yo rete ladan yo, pou yo ka sonje vwayaj pèp Izrayèl la te fè nan dezè a. 11lè tout pèp Izrayèl la vin parèt devan Papa nou nan kote li chwazi a, se pou nou li lalwa sa a byen fò devan tout pèp Izrayèl la. 12Sanble tout pèp la: gason, fanm, timoun, ak etranje k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande, pou yo ka aprann, pou yo ka gen krentif pou Papa nou, epi pou yo kenbe tout pawòl ki nan lalwa sa a pou yo fè yo. 13Konsa, pitit yo ki poko konnen lalwa sa a va tande l, y'a aprann gen krentif pou Papa nou pandan tout tan n'ap viv nan peyi nou pral travèse larivyè Jouden an pou nou pran an.”
Papa nou Bay Jozye Misyon li
14Papa nou di Moyiz: “Men lè pou ou mouri a prèt pou rive. Rele Jozye, epi vin kanpe tou de devan tant randevou a, pou m ka ba li misyon li.” Se konsa, Moyiz ak Jozye al kanpe devan tant randevou a.
15Lè sa a, Papa nou parèt nan tant lan anndan yon gwo poto nwaj, epi poto nwaj la kanpe nan papòt tant lan. 16Papa nou di Moyiz: “Talè konsa, ou pral kouche al dòmi ak zansèt ou yo. Lè sa a, pèp sa a va leve, l'a vann tèt li bay lòt bondye etranje ki nan peyi kote l pral antre a. L'a vire do ban mwen, l'a kraze kontra mwen te pase ak li a. 17Jou sa a, kòlè m va limen kont yo. M'a lage yo, m'a kache figi m pou yo, epi y'a fini nèt. Anpil malè ak anpil tèt chaje va tonbe sou yo. Jou sa a, y'a di: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa nan mitan nou ki fè tout malè sa yo tonbe sou nou?’ 18Men mwen menm, m'a kache figi m nèt jou sa a, poutèt tout mal yo te fè a, lè yo te vire al jwenn lòt bondye.
19Koulye a, ekri chante sa a pou nou, moutre pèp Izrayèl la li, mete l nan bouch yo, pou chante sa a ka sèvi m temwen kont pèp Izrayèl la. 20Lè m'a fin mennen yo nan peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a, peyi mwen te sèmante bay zansèt yo a, y'a manje, y'a plen vant yo, y'a vin gra. Lè sa a, y'a vire al jwenn lòt bondye, y'a sèvi yo, y'a meprize m, y'a kraze kontra mwen an. 21Lè anpil malè ak anpil tèt chaje va tonbe sou yo, chante sa a va kanpe devan yo tankou yon temwen, paske pitit pitit yo p'ap janm bliye l nan bouch yo. Paske mwen konnen kisa yo gen nan tèt yo depi jòdi a, anvan menm mwen mennen yo nan peyi mwen te sèmante pou m ba yo a.”
22Se konsa, menm jou a, Moyiz ekri chante sa a, epi li moutre pèp Izrayèl la li.
23Apre sa, Papa nou bay Jozye, pitit gason Noun lan, misyon li, li di l: “Pran kouraj, kenbe fèm. Se ou menm k'ap mennen pèp Izrayèl la nan peyi mwen te sèmante pou m ba yo a, epi se mwen menm k'ap avèk ou.”
24Lè Moyiz te fin ekri tout pawòl lalwa sa a nan yon liv, depi nan konmansman jouk nan bout, 25li bay moun Levi ki te konn pote Bwat Kontra Papa nou an lòd sa a: 26“Pran Liv Lalwa sa a, mete l bò kote Bwat Kontra Papa nou an, pou l rete la tankou yon temwen kont nou. 27Paske mwen konnen jan nou gen tèt di, jan nou renmen fè rebèl. Gade, depi koulye a, pandan mwen la vivan nan mitan nou jòdi a, nou deja leve kont Papa nou. Konbe fwa plis sa va ye apre m fin mouri! 28Sanble devan m tout chèf branch fanmi nou yo ak tout reskonsab nou yo, pou m ka di yo pawòl sa yo, epi pou m pran syèl la ak latè a sèvi m temwen kont yo. 29Paske mwen konnen apre m fin mouri, n'a lage kò nou nèt nan fè mal, n'a kite chemen mwen te ban nou lòd pou nou swiv la. Nan jou k'ap vini yo, malè va tonbe sou nou, paske n'a fè sa ki mal devan je Papa nou, n'a fè l fache ak tout move bagay n'ap fè ak men nou.”
30Moyiz di tout pawòl chante sa a byen fò, depi nan konmansman jouk nan bout, devan tout pèp Izrayèl la ki te sanble a.