Kounye a an papye

1 Kwonik 20 FHB Father's Heart Bible™

Papa aJeziLespri a
15% rabè sou premye kòmand ou →
Liv

Raba tonbe epi David mete kouwòn nan

Se Joab ki fè batay la Raba pandan David rete lakay, byenke isit la wa a rive pou l pran kouwòn nan. Answit twa ti batay ak jeyan Filisten yo, ladan yo yon nonm ki te gen sis dwèt, ki te pase Izrayèl nan betiz, epi neve David la te abat li.

Chapit 20.

Nan koumansman lanne a, nan sezon wa yo konn pati pou lagè, Joab mennen lame a soti, li ravaje peyi moun Amon yo, apre sa li vin sènen lavil Raba, pandan David te rete lavil Jerizalèm. Joab atake Raba, li kraze l nèt. David pran kouwòn ki te sou tèt wa yo a. Li te peze anviwon swasannkenz liv lò, li te gen yon bèl wòch ki koute chè ladan l, epi yo mete l sou tèt David. David pote ale anpil bagay li te pran nan lavil la tou. Li fè moun ki te rete la yo soti, li mete yo travay ak si, ak pikwa fè, ak rach. Se konsa David fè tout lavil moun Amon yo. Apre sa, David ak tout lame li a tounen lavil Jerizalèm.

Jeyan yo tonbe anba men pèp Izrayèl

Apre sa, lagè pete ak moun Filisti yo bò lavil Gezè. Lè sa a, Sibekayi, moun lavil Oucha, touye Sipayi, yonn nan desandan Rafa yo, epi yo donte moun Filisti yo.

Lagè pete ankò ak moun Filisti yo. Elkanan, pitit gason Jayi, touye Lami, frè Golyat, moun lavil Gat la, ki te gen yon frenn ki te gwo tankou yon gwo poto bwa. Yon lòt fwa ankò lagè pete bò lavil Gat, kote te gen yon nonm ki te gwo anpil, li te gen sis dwèt nan chak men ak sis zòtèy nan chak pye, vennkat antou — li menm tou se Rafa ki te fè l. Lè li pase pèp Izrayèl la nan betiz, Jonatan, pitit gason Chimea, frè David la, touye l. Se Rafa ki te fè moun sa yo lavil Gat, epi yo tonbe anba men David ak sèvitè li yo.