Mwen Se Pou Cheri Mwen
Pitit fi Jerizalèm yo ofri pou ede l chèche, epi li reponn li konnen ki kote li ale. Nonm nan fè lwanj li: swasant rèn ak yon pakèt fanm, men se li sèl ki genyen. Apre sa, moun k ap gade yo rele fi Choulam nan pou l tounen pou yo ka gade l.
6 1Ki kote cheri ou ale, ou menm ki pi bèl pami tout fanm? Ki bò cheri ou pran, pou nou ka chèche l ansanm avè ou?
2Cheri mwen desann nan jaden li, kote plant ki gen bon sant yo, pou l manje nan mitan jaden yo epi pou l keyi flè ki rele lis.
3Mwen se pou cheri mwen, cheri mwen se pou mwen; l'ap manje nan mitan flè lis yo.
4Ou bèl, cheri mwen, menm jan ak lavil Tiza, ou bèl tankou lavil Jerizalèm, ou fè moun sezi tankou yon lame k'ap mache ak drapo l yo. a a v4 Tiza se te yon ansyen lavil wa a, yo te konnen l pou bèlte li; isit la yo mete l ansanm ak Jerizalèm kòm lavil ki pi bèl yo.
5Vire je ou pa gade m, paske yo twouble m nèt. Cheve ou tankou yon bann kabrit k'ap desann sot nan mòn Galarad. 6Dan ou tankou yon bann mouton fenmèl ki fèk soti nan basen dlo kote yo benyen yo, yo tout fè marasa, pa gen yonn ki pèdi pitit li. 7De bò figi ou tankou de moso grenad dèyè vwal ou.
8Gen swasant rèn ak katreven fanm kay, ak jenn fi ou pa ka konte, 9men pijon mwen an, bèl fi mwen ki san defo a, se li menm sèl ki genyen, sèl pitit fi manman li, pi renmen nan men sila ki te fè l la. Jenn fi yo wè l, yo di li beni; rèn yo ak fanm kay yo fè lwanj li tou.
10Ki moun sa a k'ap klere tankou douvanjou a, bèl tankou lalin, briye tankou solèy, k'ap fè moun sezi tankou yon lame k'ap mache ak drapo l yo?
11Mwen desann nan jaden pye nwa yo pou m gade bouton flè nan fon an, pou m wè si pye rezen an te boujonnen, si pye grenad yo te fleri.
12Anvan m te konnen, anvi m te mete m nan mitan cha lagè pèp mwen an ki gen gwo non.
13Tounen, tounen, fi Choulam nan; tounen, tounen, pou nou ka gade ou. Poukisa n'ap gade fi Choulam nan, tankou yon moun k'ap gade dans ki fèt nan mitan de kan yo? b b v13 “Dans de kan yo” montre yon bèl dans yo fè pandan y'ap mache nan mitan de ran moun k'ap gade youn anfas lòt.