Beni Papa nou, nanm mwen
Se yon sòm David.
Yon lis byenfè Papa nou pou nou pa janm bliye: peche padone, maladi geri, lavi rachte soti nan twou a. Nan mitan l gen yon konparezon: menm jan kè yon papa pa ka sipòte pou pitit li, se konsa kè l pa ka sipòte pou nou. Li sonje nou se pousyè.
103 1Beni Papa nou, nanm mwen; epi tou sa ki anndan m, beni non li ki sen an!
2Beni Papa nou, nanm mwen, pa bliye ankenn nan bonte li yo, 3se li ki padonnen tout peche ou, se li ki geri tout maladi ou, 4se li ki rachte lavi ou anba kavo a, se li ki kouwonnen ou ak renmen ki p'ap janm sispann ansanm ak pitye, 5se li ki ba ou kont bon bagay pandan tout lavi ou, pou jennès ou ka tounen nèf tankou malfini an.
6Papa nou fè sa ki dwat, li rann jistis pou tout moun y'ap oprime.
7Li fè Moyiz konnen chemen li yo, li fè pèp Izrayèl la konnen zèv li yo. 8Papa nou gen pitye, li gen bon kè, li pa fè kòlè fasil, li gen anpil renmen ki p'ap janm sispann. 9Li p'ap toujou ap akize nou, li p'ap kenbe kòlè l pou tout tan. 10Li pa aji ak nou dapre peche nou yo, li pa pini nou dapre mal nou fè. 11Paske menm jan syèl la wo anlè tè a, se konsa renmen li ki p'ap janm sispann gran pou moun ki gen krentif pou li; 12menm jan solèy leve a lwen solèy kouche a, se konsa Papa nou wete peche nou yo lwen nou.
13Menm jan kè yon papa plen pitye pou pitit li yo, se konsa kè Papa nou plen pitye pou moun ki gen krentif pou li. 14Paske li konnen kijan li te fè nou; li chonje se pousyè nou ye. 15Jou yon moun tankou zèb; li fleri tankou yon flè nan savann; 16paske lè van an pase sou li, li disparèt, plas li pa chonje l ankò. 17Men renmen Papa nou ki p'ap janm sispann lan soti depi tout tan pou rive tout tan pou moun ki gen krentif pou li, epi jistis li rive sou pitit pitit yo, 18pou moun ki kenbe kontra li a, epi ki chonje pou yo fè sa li kòmande.
19Papa nou mete fotèy li nan syèl la, wayòm li a dominen sou tout bagay.
20Beni Papa nou, nou menm zanj li yo, nou menm ki gen gwo fòs, k'ap fè sa li di, k'ap obeyi chak pawòl li! 21Beni Papa nou, nou tout lame li yo, nou menm sèvitè li k'ap fè volonte li! 22Beni Papa nou, nou tout bagay li fè yo, nan tout wayòm li a. Beni Papa nou, nanm mwen!