Kounye a an papye

Jij 13 FHB Father's Heart Bible™

Papa aJeziLespri a
15% rabè sou premye kòmand ou →
Liv

Papa a Pwomèt yon Pitit Gason

Izrayèl tonbe nan men Filisten yo pandan karantan. Mesaje Papa nou an pwomèt yon fanm ki pa t ka fè pitit yon pitit gason ki mete apa depi nan vant manman l, epi li tounen lè Manoak mande. Non vizitè a depase konprann; li monte nan flanm lotèl la. Samson fèt epi li beni.

Chapit 13.

Yon lòt fwa ankò, pèp Izrayèl la fè sa ki mal nan je Papa nou. Se konsa li lage yo nan men moun Filisti yo pandan karantan.

Te gen yon nonm yo te rele Manoak, moun lavil Zora, nan branch fanmi Dann. Madanm li te esteril, li pa t' janm fè pitit.

Mesaje Papa nou parèt devan fanm lan, li di l': “Ou esteril, ou pa gen pitit, men ou pral vin ansent, w'ap fè yon pitit gason. Koulye a, atansyon pou ou pa bwè diven ni gwòg, epi pa manje anyen ki pa pwòp, paske ou pral vin ansent, w'ap fè yon pitit gason. P'ap gen razwa k'ap janm manyen tèt li, paske depi nan vant manman l, ti gason an ap yon nazirit Papa nou. Se li menm k'ap konmanse delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo.”

Fanm lan al jwenn mari li, li di l': “Gen yon nonm Bondye ki vin kote m. Jan li te parèt la te tankou mesaje Papa nou, li te fè m pè anpil. Mwen pa t' mande l ki kote l soti, li menm li pa t' di m non li.” Men li di m: “Ou pral vin ansent, w'ap fè yon pitit gason. Koulye a, pa bwè diven ni gwòg, pa manje anyen ki pa pwòp, paske ti gason an ap yon nazirit Papa nou depi nan vant manman l jouk jou li mouri.”

Lè sa a, Manoak lapriyè Papa nou, li di: “Tanpri souple, Papa mwen ki Mèt mwen, kite nonm Bondye ou te voye a vin kote nou ankò pou l moutre nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la.”

Papa nou tande vwa Manoak. Mesaje Papa nou vin jwenn fanm lan ankò pandan li te chita nan jaden an, men Manoak, mari li, pa t' avè l. Fanm lan kouri prese al di mari li: “Gade, nonm ki te vin kote m lòt jou a parèt devan m ankò!”

Manoak leve, li swiv madanm li, li vin jwenn nonm lan. Li mande l: “Èske se ou menm ki te pale ak fanm lan?” Li reponn: “Se mwen.”

Manoak di: “Lè pawòl ou yo va rive vre, kisa k'ap dirije jan ti gason an ap viv ak travay li gen pou l fè?”

Mesaje Papa nou di Manoak: “Se pou fanm lan veye tèt li sou tou sa mwen te di l yo. Li pa dwe manje anyen ki soti nan pye rezen, li pa dwe bwè ni diven ni gwòg, ni manje anyen ki pa pwòp. Se pou l fè tou sa mwen te ba li lòd fè.”

Manoak di mesaje Papa nou an: “Tanpri, kite nou kenbe ou yon ti moman, n'ap pare yon jèn kabrit pou ou.”

Mesaje Papa nou di Manoak: “Menmsi ou kenbe m, mwen p'ap manje manje ou; men si ou pare yon ofrann pou boule, se bay Papa nou pou ou ofri l.” (Manoak pa t' konnen vizitè a se te mesaje Papa nou.)

Manoak mande mesaje Papa nou an: “Ki non ou, pou nou ka fè ou lonè lè pawòl ou yo va rive vre?”

Mesaje Papa nou di l: “Poukisa w'ap mande non mwen? Li depase konprann moun.”

Se konsa Manoak pran jèn kabrit la ak ofrann grenn jaden an, li ofri yo sou wòch la bay Papa nou, li menm ki fè mèvèy, pandan Manoak ak madanm li t'ap gade. Pandan flanm lotèl la t'ap moute nan syèl, mesaje Papa nou moute nan flanm lotèl la. Lè Manoak ak madanm li wè sa, yo lage kò yo atè, figi yo kont tè a. Mesaje Papa nou pa janm parèt ankò devan Manoak ak madanm li. Se lè sa a Manoak vin konnen se te mesaje Papa nou. Manoak di madanm li: “Se mouri n'ap mouri, paske nou wè Papa nou!”

Madanm li di l: “Si Papa nou te vle touye nou, li pa ta aksepte yon ofrann pou boule ak yon ofrann grenn jaden nan men nou, li pa ta moutre nou tout bagay sa yo, ni li pa ta fè nou tande sa koulye a.” Fanm lan fè yon pitit gason, li rele l Samson. Ti gason an grandi, epi Papa nou beni li. Epi Lespri Papa nou konmanse boulvèse l lavil Manane-Dann, ant Zora ak Echtawòl.