Yon Lòt Malè Ankò
Rete yon sèl fleo. A minwi, tout premye pitit gason nan Lejip pral mouri, depi sa ki sou fotèy la jouk sa ki dèyè moulen an, epi yon rèl pral leve tankou okenn ki pa t janm genyen anvan. Men pa menm yon chen p ap gwonde dèyè Izrayèl — Papa nou fè diferans lan parèt klè. Moyiz soti devan Farawon ak yon kòlè ki t ap boule l.
11 1Papa nou di Moyiz: “M'ap voye yon dènye malè sou farawon an ak sou peyi Lejip. Apre sa, l'a kite nou soti isit la; lè l'a fè sa, l'a mete nou deyò nèt. 2Di pèp la: se pou chak gason mande vwazen l, chak fanm mande vwazin li, bagay an ajan ak bagay an lò.”
3Papa nou fè pèp la jwenn favè nan je moun peyi Lejip yo. Anplis, Moyiz menm te yon grannèg nan peyi Lejip, nan je sèvitè farawon yo ak nan je pèp la.
4Moyiz di: “Men sa Papa nou di: Vè minwi m'ap pase nan mitan peyi Lejip,”
5“tout premye pitit gason nan peyi Lejip gen pou mouri, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fòtèy li a, rive sou premye pitit gason sèvant k'ap travay dèyè moulen an, ak tout premye pitit bèt yo. 6Pral gen yon gwo rèl nan tout peyi Lejip, yon rèl ki pa janm genyen anvan sa e ki p'ap janm genyen ankò. 7Men, yon chen p'ap menm wouke sou yon moun nan pèp Izrayèl, ni sou yon bèt yo, pou nou ka konnen Papa nou fè yon diferans ant peyi Lejip ak pèp Izrayèl. 8Tout sèvitè ou yo va desann vin jwenn mwen, y'a bese tèt yo devan m, epi y'a di: ‘Ale, ou menm ak tout pèp k'ap swiv ou a.’ Apre sa, m'a soti ale.” Lè sa a, Moyiz soti kite farawon an, li te fache anpil.
9Papa nou di Moyiz: “Farawon an p'ap koute nou, konsa mèvèy mwen yo va vin pi plis toujou nan peyi Lejip.”
10Moyiz ak Aron te fè tout mèvèy sa yo devan farawon an, men Papa nou te fè kè farawon an vin di, epi li refize kite moun pèp Izrayèl yo soti nan peyi li a.