Kounye a an papye

Estè 6 FHB Father's Heart Bible™

Papa aJeziLespri a
15% rabè sou premye kòmand ou →
Liv

Wa a onore Madoche

Wa a pa ka dòmi, li fè li kwonik yo pou li, e li aprann Madoche pa t janm resevwa rekonpans. Aman, ki rive pou mande pou yo egzekite Madoche, tande wa a mande l kijan pou onore yon moun — li dekri pwòp rèv pa l, epi li oblije mennen Madoche nan lari yo pou anonse sa. Fanmi l wè ke ruin li ap vini.

Chapit 6.

Jou lannwit sa a, wa a pa t' ka dòmi. Li bay lòd pou yo pote liv achiv la, liv kote yo te ekri istwa wayòm nan, epi pou yo li l' pou li. Yo jwenn ekri ladan l' ki jan Madoche te denonse Bigtan ak Tèrèch, de nan domestik konfyans wa a ki t'ap veye pòt la, ki te fè konplo pou yo touye wa Asyeris. Wa a mande: “Ki onè ak ki rekonpans Madoche resevwa pou sa?” Moun k'ap sèvi wa a reponn: “Yo pa t' fè anyen pou li.”

Wa a mande: “Ki moun ki nan lakou a?” Lè sa a, Aman te fèk antre nan lakou deyò palè a pou l' te mande wa a fè pann Madoche nan poto li te pare a.

Moun k'ap sèvi wa a di li: “Se Aman ki kanpe nan lakou a.” Wa a di: “Fè l' antre.”

Aman antre. Wa a mande l': “Kisa pou yo fè pou yon moun wa a ta renmen onore?” Aman di nan kè l': “Ki moun wa a ta renmen onore plis pase mwen?”

Se konsa Aman di wa a: “Pou yon moun wa a ta renmen onore, se pou yo pote yon bèl rad wayal wa a konn mete sou li, yon chwal wa a konn moute, ak yon kouwòn wayal pou mete sou tèt chwal la. Bay youn nan gwo chèf wa a rad la ak chwal la. Se pou yo abiye moun wa a ta renmen onore a, fè l' moute sou chwal la pwonmennen l' nan tout plas lavil la, epi pou yo pase devan l' ap rele: ‘Men ki jan yo trete yon moun wa a ta renmen onore!’”

Wa a di Aman: “Fè vit, pran rad la ak chwal la jan ou sot di a, fè tou sa pou Madoche, jwif la, ki chita bò pòtay wa a. Pa kite anyen nan tou sa ou te di a.”

Aman pran rad la ak chwal la, li abiye Madoche, li fè l' moute sou chwal la, li pwonmennen l' nan tout plas lavil la, li t'ap pase devan l' ap rele: “Men ki jan yo trete yon moun wa a ta renmen onore.”

Apre sa, Madoche tounen bò pòtay wa a. Men Aman kouri al lakay li, ak kè sere, tèt li kouvri. Aman rakonte Zerèch, madanm li, ak tout zanmi l' yo tou sa ki te rive l'. Moun ki konn ba li konsèy yo ansanm ak Zerèch, madanm li, di l': “Depi Madoche, moun ou kòmanse tonbe devan l' lan, se yon jwif li ye, ou p'ap ka venk li. Se tonbe w'ap tonbe devan l'.” Antan yo t'ap pale avè l' toujou, domestik konfyans wa a yo rive, yo prese mennen Aman nan resepsyon Estè te pare a.