Nasyon yo fè konplo kont ou
Yon chante. Yon sòm Asaf.
Yon koalisyon — Edon, Moab, Amon, Asiri ak lòt ankò — dakò pou efase non Izrayèl nèt. Asaf nonmen chak, mande pou yo bat yo menm jan ak Madyan, epi li mande yon wont ki ta pouse yo chèche non Papa nou.
83 1O Papa nou, pa rete san ou pa pale; pa rete an silans, pa rete trankil, O Papa nou. 2Paske gade, lènmi ou yo ap fè dezòd; moun ki rayi ou yo leve tèt yo. 3Kont pèp ou a y'ap fè konplo an kachèt; yo mete tèt yo ansanm kont moun ou renmen anpil yo. 4Yo di: “Vini non, ann efase yo nèt pou yo pa yon nasyon ankò; pou pesonn pa janm chonje non Izrayèl ankò.” 5Yo tout dakò nan yon sèl lide y'ap fè konplo; yo pase yon kontra kont ou, 6tant moun Edòm yo ak moun Izmayèl yo, moun Moab yo ak moun Aga yo, 7moun Gebal, moun Amon ak moun Amalèk, peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir yo. 8Peyi Lasiri tou vin mete tèt ansanm ak yo; yo tounen fòs ponyèt pitit Lòt yo.
9Fè yo sa ou te fè moun Madyan yo, sa ou te fè Sisera ak Jaben bò larivyè Kichon an, 10yo menm ki te detwi nan Endò, yo tounen fimye pou tè a. 11Fè gwo chèf yo tounen tankou Orèb ak Zeyèb, fè tout prens yo tounen tankou Zebak ak Salmouna, 12yo menm ki te di: “Ann pran pou tèt nou patiraj Bondye yo.” 13O Papa mwen, fè yo tounen tankou pousyè k'ap vire nan van, tankou pay devan van an. 14Menm jan dife boule yon rakbwa, menm jan flanm dife mete dife nan mòn yo, 15se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a, pou ou fè yo tranble ak gwo loraj ou a. 16Kouvri figi yo ak wont, pou yo ka chèche non ou, O Papa nou. 17Se pou yo wont, se pou yo dekouraje pou tout tan; se pou yo peri nan dezonè, 18pou yo ka konnen se ou menm sèl, ou menm ki rele Papa nou, se ou ki Pi Wo a sou tout latè a.