Pèp Izrayèl deside chèche Papa nou
David konsilte tout moun epi li deplase lach Papa nou an, ki te bliye, sou yon kabwèt nèf. Lè bèf yo bite epi Iza kenbe l, li mouri sou plas. Premye reyaksyon David se kòlè, answit laperèz, epi yo mete lach la kanpe lakay Obèd-Edòm — kote tout kay la resevwa benediksyon.
13 1David pran konsèy ak chèf ki sou mil sòlda yo ak chèf ki sou san sòlda yo, ansanm ak tout lòt chèf yo. 2David di tout pèp Izrayèl ki te reyini an: “Si nou wè sa bon, si se volonte Papa nou, ann voye di tout rès frè nou yo ki rete toupatou nan tout peyi Izrayèl la, ansanm ak prèt yo ak moun Levi yo ki nan lavil yo ak nan savann kote bèt yo manje a, pou yo vin jwenn nou. 3Ann pote Bwat Kontra Papa nou an tounen ban nou, paske nou pa t' chèche l' nan tan Sayil la.”
4Tout pèp la te dakò pou yo fè sa, paske tout moun te wè se te yon bon lide.
5David reyini tout pèp Izrayèl la, depi larivyè Chiyò sou fwontyè Lejip rive Pas Amat, pou y' al chèche Bwat Kontra Papa nou an lavil Kiriyat-Jearim.
6David ak tout pèp Izrayèl la moute lavil Baala, ki vle di Kiriyat-Jearim, nan peyi Jida, pou y' al pran Bwat Kontra Papa nou an soti la, Bwat Kontra Papa nou ki chita anwo cheriben yo, kote yo fè konnen non li. 7Yo pran Bwat Kontra Papa nou an lakay Abinadab, yo mete l' sou yon kabwa tou nèf. Se Ouza ak Akijo ki t'ap mennen kabwa a. 8David ak tout pèp Izrayèl la t'ap fè fèt ak tout fòs yo devan Papa nou: yo t'ap chante, yo t'ap jwe gita, bandjo, tanbouren, senbal ak twonpèt.
9Lè yo rive bò glasi Kidon an, bèf yo bite, Ouza lonje men l' pou l' kenbe Bwat Kontra a. 10Lè sa a, Papa nou fache anpil sou Ouza, li frape l' tonbe paske li te lonje men l' sou Bwat Kontra a. Ouza mouri la menm devan Papa nou. 11David te fache dèske Papa nou te frape Ouza konsa. Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele kote sa a Perèz-Ouza. 12Jou sa a, David te pè Papa nou, li di: “Ki jan pou m' fè pote Bwat Kontra Papa nou an lakay mwen?” 13Se konsa, David pa t' pote Bwat Kontra a lakay li nan lavil David la. Li fè yo pote l' kay Obèd-Edòm, moun lavil Gat la. 14Bwat Kontra Papa nou an rete twa mwa lakay Obèd-Edòm, nan mitan fanmi li. Papa nou beni fanmi Obèd-Edòm ansanm ak tout sa li te genyen.