Vanyan sòlda yo vin jwenn David nan Ziklag
Mesye yo kontinye ap kite kan pa yo pou vin jwenn David pandan li toujou ap kouri kache: moun Benjamen ki te konn sèvi ak de men yo, ki soti nan pwòp branch fanmi Sayil, moun Gad ak figi lyon ki te travèse Jouden lè l te debòde, moun Isaka ki te konprann tan yo. Nan Ebwon, branch fanmi yo rive an fòs, y ap di Papa yo ap ede l, epi Izrayèl kontan.
12 1Men moun ki te vin jwenn David nan Ziklag lè li te toujou pa ka parèt devan Sayil, pitit Kich la—vanyan sòlda ki te ede l nan batay. 2Yo te gen banza, yo te ka voye wòch ak fistibal osinon tire flèch ak men dwat ou byen men gòch—se moun branch fanmi Benjamen, fanmi Sayil. 3Akyezè ki te chèf la, apre sa Joas, pitit Chemaa, moun lavil Gibeya; Jezyèl ak Pelèt, pitit Azmavèt; Beraka; Jeou, moun lavil Anatòt; 4Jichmaya, moun lavil Gabawon, yon vanyan sòlda nan mitan trant yo, chèf sou trant yo; Jeremi, Jakazyèl, Jokanan, Jozabad, moun lavil Gedera; 5Elouzayi, Jerimòt, Bealya, Chemarya, ak Chefatya, moun lavil Awòf; 6Elkana, Jichiya, Azareyèl, Joezè, ak Jachobeyam, moun branch fanmi Kore; 7ak Joela ak Zebadya, pitit Jeworam, moun lavil Gedò.
8Gen kèk moun nan branch fanmi Gad ki te kite kan yo pou yo vin jwenn David nan fò ki te nan dezè a—vanyan sòlda ki te byen abitye nan batay, ki te konn sèvi ak plak pwotèj ak frenn, figi yo tankou figi lyon, yo te kouri vit tankou kabrit mawon sou mòn yo. 9Ezè te chèf la, Obadya te dezyèm, Eliyab te twazyèm, 10Michmana te katriyèm, Jeremi te senkyèm, 11Atayi te sizyèm, Eliyèl te setyèm, 12Jokanan te uityèm, Elzabad te nevyèm, 13Jeremi te dizyèm, Makbanayi te onzyèm. 14Moun branch fanmi Gad sa yo te chèf nan lame a; pi piti a te vo 100 moun, pi gran an te vo 1.000. 15Se moun sa yo ki te janbe larivyè Jouden an nan premye mwa a, lè dlo a te debòde sou tout rivaj li yo, epi yo te gaye tout moun ki te nan fon yo, bò solèy leve ak bò solèy kouche.
16Gen kèk moun nan branch fanmi Benjamen ak Jida ki te vin jwenn David nan fò a tou. 17David soti al rankontre yo, li di yo: “Si nou vin jwenn mwen ak bon lide pou ede m, kè m ap mare ansanm ak nou; men si se pou trayi m bay lènmi m yo, atout men m pa fè ankenn mechanste, se pou Bondye zansèt nou yo wè sa epi jije nou.” 18Lè sa a, Lespri Papa nou desann sou Amasayi, chèf trant yo, li di: “Nou se moun pa ou, David! Nou avè ou, pitit Izayi! Kè poze, kè poze pou ou, kè poze pou moun k'ap ede ou yo, paske Papa ou ap ede ou.” David resevwa yo, li mete yo chèf sou bann sòlda l yo.
19Gen kèk moun nan branch fanmi Manase ki te vin jwenn David lè li te mache ansanm ak moun Filisti yo pou goumen ak Sayil. Men, David ak moun li yo pa t bay moun Filisti yo ankenn konkou—apre yo fin pale sou sa, chèf moun Filisti yo voye David ale, yo di: “L'ap tounen al jwenn mèt li, Sayil, epi sa va koute nou tèt nou.” 20Pandan li t'ap mache ale Ziklag, men moun nan branch fanmi Manase ki te vin jwenn li yo: Adna, Jozabad, Jedyayèl, Mikayèl, Jozabad, Eliyou, Siltayi—chèf sou rejiman mil sòlda nan branch fanmi Manase. 21Yo te ede David goumen ak bann piyajè yo, paske yo tout te vanyan sòlda, epi yo te vin chèf nan lame li a. 22Jou apre jou, moun t'ap vin ede David, jouk li te vin gen yon gwo lame, menm jan ak lame Papa nou.
23Men kantite moun ki te pare pou batay ki te vin jwenn David lavil Ebwon pou renmèt li wayòm Sayil la, jan Papa nou te di a, 24nan branch fanmi Jida, moun ki te pote plak pwotèj ak frenn—6.800 moun ki te pare pou batay; 25nan branch fanmi Simeyon, vanyan sòlda ki te pare pou batay—7.100; 26nan branch fanmi Levi—4.600, 27ansanm ak Jeojada, chèf fanmi Arawon an, ak 3.700 moun avè l, 28ak Zadòk, yon jenn vanyan sòlda, ak venndez ofisye ki soti nan fanmi pa l. 29Nan branch fanmi Benjamen, fanmi Sayil—3.000; pifò nan yo te toujou ap defann kay Sayil la, 30nan branch fanmi Efrayim—20.800, vanyan sòlda, moun ki te gen gwo non nan fanmi pa yo; 31nan mwatye branch fanmi Manase a—18.000, yo te chwazi yo nonmen non pou yo vin fè David wa; 32nan branch fanmi Isaka: 200 chèf ki te konprann sa k'ap pase nan lè yo, ki te konnen sa pèp Izrayèl la te dwe fè, ansanm ak tout fanmi yo ki te sou lòd yo. 33Nan branch fanmi Zabilon: 50.000 sòlda ki te gen ladrès nan goumen, ki te gen tout kalite zam pou batay, ki te pare pou ede David ak tout kè yo, 34nan branch fanmi Neftali—1.000 ofisye, epi ak yo te gen 37.000 moun ki te pote plak pwotèj ak frenn; 35nan branch fanmi Dann—28.600 moun ki te pare pou batay; 36nan branch fanmi Asè—40.000 sòlda ki te gen ladrès nan goumen, ki te pare pou batay; 37lòt bò larivyè Jouden an, bò solèy leve—branch fanmi Woubenn, Gad, ak mwatye branch fanmi Manase a—120.000, ak tout kalite zam lagè.
38Tout moun sa yo te sòlda ki te byen ranje pou batay, ki te vin lavil Ebwon ak tout kè yo pou fè David wa sou tout peyi Izrayèl la; rès pèp Izrayèl la tou te gen yon sèl lide pou fè David wa. 39Yo te rete la twa jou ansanm ak David, yo t'ap manje, yo t'ap bwè; fanmi yo te pare manje pou yo. 40Vwazen yo, ale jouk kote branch fanmi Isaka, Zabilon ak Neftali, te pote manje sou bourik, chamo, milèt ak bèf—farin, gato figfrans, gato rezen, diven, lwil, bèf ak mouton an kantite, paske te gen kè kontan nan peyi Izrayèl la.