Yon chante tou nèf pou tout latè
Nouvo chante a se yon chante misyonè: fè konnen sa Papa nou fè nan mitan nasyon yo, pote yon ofrann, di yo se li ki wa. Lòt bondye yo se bagay men moun fè ki pa vo anyen. Menm lanmè a, jaden yo ak pyebwa nan forè a resevwa misyon pou yo fè fèt pou Jij k ap vini an.
96 1Chante yon chante tou nèf pou Papa nou; chante pou Papa nou, nou tout ki sou latè.
2Chante pou Papa nou, beni non li; fè konnen jan l'ap delivre nou, jou apre jou. 3Fè nasyon yo konnen bèl bagay li fè yo, fè tout pèp yo konnen mèvèy li yo. 4Paske Papa nou gen pouvwa, li merite tout lwanj; se li menm pou moun gen krentif pi plis pase tout lòt bondye yo. 5Paske tout bondye lòt pèp yo se zidòl, men se Papa nou ki fè syèl la. 6Bèl pouvwa ak majeste devan li; fòs ak bèlte nan kay ki apa pou li a.
7Bay Papa nou sa ki pou li, nou tout fanmi pèp yo, bay Papa nou lwanj ak fòs. 8Bay Papa nou lwanj non li merite a; pote yon ofrann, vin antre nan lakou li yo. 9Adore Papa nou nan bèlte sa ki apa pou li a; tranble devan l, nou tout ki sou latè. 10Di nan mitan nasyon yo: “Papa nou ap gouvènen! Latè kanpe fèm, anyen p'ap janm fè l deplase. L'a jije pèp yo san patipri.”
11Se pou syèl la kontan, se pou latè fè fèt; se pou lanmè a gwonde, ansanm ak tou sa ki ladan l. 12Se pou jaden yo kontan, ansanm ak tou sa ki ladan yo; lè sa a tout pyebwa nan rakbwa yo va chante ak kè kontan. 13Devan Papa nou, paske l'ap vini, paske l'ap vini pou jije latè. L'a jije tout moun ki sou latè avèk jistis, l'a jije pèp yo nan fidelite li.