Pwoteje m
Yon chante David.
David pa gen anyen ki bon san Papa l, e li refize vide ofrann pou lòt bondye. Li di liy fwontyè l yo tonbe nan bon kote, eritaj li bèl, e li gen konfyans yo p ap abandone l nan kav lanmò. Chemen lavi a fini nan yon lajwa ki pap janm fini.
16 1Pwoteje m, Papa mwen, paske se nan ou mwen pran refij.
2Mwen di Papa mwen: Se ou menm ki Papa mwen, Mèt mwen; san ou, mwen pa gen anyen ki bon. 3Pou moun ki mete yo apa pou Bondye ki nan peyi a, se yo menm ki moun ki gen valè, se nan yo mwen jwenn tout plezi mwen. 4Moun k'ap kouri dèyè yon lòt bondye, soufrans yo ap vin pi plis; mwen p'ap vide ofrann bwason san yo yo, ni mwen p'ap kite non yo soti nan bouch mwen.
5Papa mwen se pòsyon mwen chwazi a ak gode mwen; se ou menm ki kenbe sò mwen fèm. 6Limit tè yo tonbe pou mwen nan bon kote; wi, eritaj mwen genyen an bèl anpil.
7M'ap beni Papa mwen, li menm k'ap ban mwen konsèy; menm lannwit, kè mwen montre m sa pou m fè. 8Mwen kenbe Papa mwen tout tan devan je mwen; paske li sou bò dwat mwen, anyen p'ap fè m brannen.
9Se poutèt sa, kè mwen kontan, tout nanm mwen ap fè fèt; kò mwen menm tou ap repoze an sekirite. 10Paske ou p'ap abandonnen nanm mwen nan kavo a, ni ou p'ap kite moun ki apa pou ou a wè pouriti. a a v10 Pyè, nan jou Pannkòt la (Travay 2:25-28), ak Pòl (Travay 13:35) te aplike pawòl sa yo sou Jezi — konfyans David te genyen nan Papa nou an tounen jan Pitit la te leve soti vivan nan lanmò, san kò li pa janm wè pouriti. 11Ou montre m chemen lavi a; devan ou, gen yon kè kontan ki konplè, sou bò dwat ou plezi la pou tout tan.