Rasine nan Papa a
Yon chante pou yo chante lè y'ap moute al lavil Jerizalèm.
Konfyans dekri tankou jewografi. Moun ki fè konfyans yo pa ka deplase menm jan ak mòn Siyon, e Papa nou antoure yo menm jan mòn yo antoure Jerizalèm. Gouvènman mechan yo p ap rete sou peyi sa a, paske li ta tante moun debyen fè sa ki mal.
125 1Moun ki mete konfyans yo nan Papa nou yo tankou mòn Siyon, ki pa ka brannen men ki la pou tout tan. 2Menm jan mòn yo antoure lavil Jerizalèm, se konsa Papa nou antoure pèp li a, depi koulye a pou tout tan. 3Baton mechanste a p'ap poze sou tè yo bay moun ki mache dwat yo, pou moun ki mache dwat yo pa lonje men yo pou fè sa ki mal. 4Fè byen, Papa nou, pou moun ki bon yo, pou moun ki gen kè dwat yo. 5Men moun ki vire al nan chemen kwochi yo, Papa nou va mennen yo ale ansanm ak moun k'ap fè mal yo. Se pou pèp Izrayèl la gen lapè!