Nanm ki swaf la
Pou chèf koral la. Yon sòm bon konprann pitit Kore yo.
Separe ak tanp lan, y ap pase l nan betiz: 'Kote Bondye ou la?' Chantè a sonje lè li te konn mennen foul fèt la, foul li pa ka mache avè l ankò. De fwa li poze pwòp nanm li ki dekouraje a kesyon, epi li reponn li menm jan an: mete espwa ou nan Papa nou, m ap fè lwanj li ankò.
42 1Menm jan yon sèf anvi dlo larivyè yo, se konsa nanm mwen anvi ou, Papa mwen.
2Nanm mwen swaf Papa mwen, swaf Papa vivan an. Kilè m'a ka vin parèt devan li? 3Dlo nan je m tounen manje mwen lajounen kou lannwit, pandan tout lajounen y'ap di mwen: “Kote Bondye ou la?”
4Mwen chonje bagay sa yo, pandan m'ap vide nanm mwen deyò: jan mwen te konn mache ak foul la pou m mennen yo an pwosesyon nan kay Papa nou, ak kri lajwa ak chante lwanj, yon gwo foul moun k'ap fè fèt.
5Poukisa ou kagou, nanm mwen, e poukisa w'ap boulvèse anndan mwen? Mete espwa ou nan Papa nou; paske m'a fè lwanj li ankò, li menm ki delivrans mwen ak Papa mwen.
6Papa mwen, nanm mwen kagou anndan mwen; se poutèt sa mwen chonje ou depi nan peyi larivyè Jouden an ak mòn Emon yo, depi sou mòn Miza.
7Gwo dlo ap rele gwo dlo nan gwondman kaskad ou yo; tout lanm ou yo ak vag ou yo pase sou mwen. 8Lajounen Papa nou bay lòd pou renmen kontra li a, e lannwit chante li a avèk mwen, yon lapriyè pou Papa lavi mwen.
9Mwen di Papa mwen, wòch mwen an: “Poukisa ou bliye mwen? Poukisa pou m'ap mache nan lapenn akòz jan lènmi an ap peze mwen?” 10Tankou yon blesi ki ka touye moun nan zo mwen, moun ki pa vle wè mwen yo ap pase mwen nan betiz, pandan tout lajounen y'ap di mwen: “Kote Bondye ou la?”
11Poukisa ou kagou, nanm mwen, e poukisa w'ap boulvèse anndan mwen? Mete espwa ou nan Papa nou; paske m'a fè lwanj li ankò, li menm ki delivrans mwen ak Papa mwen.