Kounye a an papye

2 Wa 13 FHB Father's Heart Bible™

Papa aJeziLespri a
15% rabè sou premye kòmand ou →
Liv

Papa a Tande Rèl Joakaz

Joakaz sipliye Papa nou anba opresyon moun Siri yo, e yo voye yon moun pou delivre yo, men ti bèf yo ak poto Achera a rete kanpe. Pandan l ap mouri, Elize fè wa a tire yon flèch, apre sa li fache paske li frape tè a twa fwa sèlman. Yon kadav ki touche zo Elize kanpe.

Chapit 13.

Nan venntwazyèm lanne rèy Joas, pitit Okozyas, wa peyi Jida a, Joakaz, pitit Jeou, vin wa sou pèp Izrayèl nan lavil Samari. Li gouvènen pandan disetan. Li te fè sa ki mal devan je Papa nou. Li te swiv tras peche Jewoboram, pitit Nebat, ki te lakòz pèp Izrayèl fè peche. Li pa t' vire do bay peche sa yo. Se konsa, Papa nou te fache anpil sou pèp Izrayèl. Li lage yo nan men Azayèl, wa peyi Siri a, ak nan men Bennadad, pitit Azayèl, plizyè fwa. Lè sa a, Joakaz lapriyè nan pye Papa nou, Papa nou koute l', paske li te wè jan wa peyi Siri a t'ap peze pèp Izrayèl anba grif li. Papa nou voye yon moun pou delivre pèp Izrayèl. Yo chape anba pouvwa peyi Siri. Pèp Izrayèl tounen rete lakay yo ankò jan yo te konn fè anvan an. Men, yo pa t' sispann fè menm peche fanmi Jewoboram te konn fè yo, peche ki te lakòz pèp Izrayèl fè peche. Yo t'ap mache nan chemen peche sa yo toujou. Lèfini, poto Achera a te kanpe toujou nan lavil Samari. Nan tout lame Joakaz la, pa t' rete pase senkant kavalye, dis cha lagè ak dimil sòlda apye, paske wa peyi Siri a te fin kraze yo, li te fè yo tounen tankou pousyè nan lè y'ap bat grenn. Tout rès istwa Joakaz la, tou sa li te fè ak kouraj li te genyen, tou sa ekri nan liv istwa wa peyi Izrayèl yo, pa vre? Joakaz mouri, li al jwenn zansèt li yo. Yo antere l' nan lavil Samari. Se Joas, pitit gason l', ki moute wa nan plas li.

Joas Wa sou Peyi Izrayèl

Nan trannsetyèm lanne rèy Joas, wa peyi Jida a, Joas, pitit Joakaz, vin wa sou pèp Izrayèl nan lavil Samari. Li gouvènen pandan sèzan. Li te fè sa ki mal devan je Papa nou. Li pa t' vire do bay ankenn nan peche Jewoboram, pitit Nebat, te fè pèp Izrayèl fè yo. Li te kenbe nan menm peche sa yo. Tout rès istwa Joas la, tou sa li te fè ak jan li te goumen avèk kouraj kont Amasya, wa peyi Jida a, tou sa ekri nan liv istwa wa peyi Izrayèl yo, pa vre? Joas mouri, li al jwenn zansèt li yo. Se Jewoboram ki moute sou fotèy li a. Yo antere Joas nan lavil Samari ansanm ak wa peyi Izrayèl yo.

Dènye Pawòl Papa a nan Bouch Elize

Elize te tonbe malad. Se maladi sa a ki t'apral touye l'. Joas, wa peyi Izrayèl la, al wè l'. Li kriye sou li, li di: “Papa m, papa m! Ou menm ki te tankou cha lagè ak kavalye pou pèp Izrayèl!”

Elize di l': “Pran yon banza ak kèk flèch.” Joas pran yon banza ak kèk flèch. Lè sa a, li di wa peyi Izrayèl la: “Mete men ou sou banza a.” Wa a mete men l' sou li, epi Elize mete men pa l' sou men wa a. Elize di: “Louvri fennèt ki bay sou solèy leve a.” Wa a louvri l'. Elize di: “Tire!” Wa a tire. Lè sa a, Elize di: “Men flèch Papa nou pou genyen batay la, flèch pou genyen batay sou peyi Siri a! W'ap bat moun Siri yo nèt lavil Afèk jouk ou fin kraze yo.”

Apre sa, li di: “Pran rès flèch yo.” Wa a pran yo. Elize di wa peyi Izrayèl la: “Frape tè a.” Wa a frape tè a twa fwa, epi li rete. Men, moun Papa nou an fache sou li. Li di l': “Se pou ou te frape senk fwa osinon sis fwa. Lè sa a, ou ta bat moun Siri yo jouk ou ta fin kraze yo nèt. Men koulye a, w'ap bat moun Siri yo twa fwa sèlman.”

Apre sa, Elize mouri. Yo antere li. Chak lanne, nan sezon prentan, bann piyajè moun Moab yo te konn anvayi peyi a.

Yon jou, kèk moun t'ap antere yon kadav. Yo rete konsa yo wè yon bann piyajè. Yo prese jete kadav la nan tonm Elize a. Lè kò mò a touche zosman Elize yo, nonm lan leve vivan, li kanpe sou pye l'.

Pandan tout rèy Joakaz la, Azayèl, wa peyi Siri a, te peze pèp Izrayèl la anba grif li. Men, Papa nou te gen pitye pou yo, kè l' te fè l' mal pou yo. Li te vire je l' sou yo poutèt kontra li te pase ak Abraram, Izarak ak Jakòb. Jouk jounen jòdi a, li pa vle detwi yo, ni li pa vle voye yo jete byen lwen l'.

Lè Azayèl, wa peyi Siri a, mouri, se Bennadad, pitit gason l', ki moute wa nan plas li. Lè sa a, Joas, pitit Joakaz, reprann nan men Bennadad, pitit Azayèl, tout lavil Bennadad te pran nan lagè sou men papa l', Joakaz. Joas bat li twa fwa, li reprann tout lavil peyi Izrayèl yo.