Koulye a se jou delivrans la
Pòl bay prèv ministè li, epi prèv yo se kou, prizon, nwit san dòmi ak kalomni. Apre sa, li kite diskisyon an, li senpleman sipliye yo: kè l louvri byen laj, men kè pa yo fèmen. Li mande yo soti kite zidòl yo epi viv tankou pwòp pitit gason ak pitit fi Papa a.
6 1Antanke moun k'ap travay ansanm avè l, n'ap mande nou pou nou pa resevwa favè Papa nou an pou gremesi.
2Paske li di: “Nan bon lè a mwen te tande ou; nan jou delivrans la mwen te ede ou.” Gade, koulye a se bon lè a; gade, koulye a se jou delivrans la.
3Nou pa mete okenn antrav sou chemen pèsonn, pou yo pa jwenn okenn repwòch nan sèvis n'ap fè a. 4Okontrè, nan tout bagay nou moutre se sèvitè Papa nou nou ye: ak anpil pèseverans, nan soufrans, nan difikilte, nan detrès, 5nan kou nou resevwa, nan prizon, nan dezòd, nan travay di, nan nwit nou pase san dòmi, nan grangou; 6ak pwòpte, ak konesans, ak pasyans, ak bon kè, ak Sentespri a, ak yon renmen ki sensè, 7ak pawòl laverite, ak pouvwa Papa nou, ak zam jistis nan men dwat ak nan men gòch, 8nan lonè ak nan dezonè, nan move pawòl ak nan bèl lwanj. Yo trete nou tankou twonpè, men se moun ki di verite nou ye; 9tankou moun yo pa konnen, men yo konnen nou byen; tankou moun k'ap mouri, men gade, n'ap viv; tankou moun yo pini, men yo pa touye nou; 10tankou moun ki nan lapenn, men nou toujou gen kè kontan; tankou pòv, men n'ap anrichi anpil moun; tankou moun ki pa gen anyen, men nou gen tout bagay.
11Nou pale ak nou franchman, moun Korent; kè nou louvri gran louvri pou nou. 12Nou pa sere pou nou nan kè nou, men se nan pwòp kè pa nou nou sere. 13An retou — m'ap pale ak nou tankou pitit mwen — louvri kè nou gran louvri tou.
Tounen lakay nan fanmi Papa a
14Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa kwè. Paske ki sa jistis ak mechanste gen an komen? Osinon ki relasyon limyè ka genyen ak fènwa? 15Ki akò ki genyen ant Kris ak dyab la? Ki sa yon moun ki kwè gen an komen ak yon moun ki pa kwè?
16Ki antann tanp Papa nou gen ak zidòl? Paske se nou menm ki tanp Papa ki vivan an, jan li te di: “M'ap viv nan mitan yo, m'ap mache nan mitan yo; m'a Papa yo, yo menm y'a pitit mwen.” 17Se poutèt sa, “Soti nan mitan yo, mete nou apa, se sa Papa nou di, pa manyen anyen ki pa pwòp; lè sa a m'a resevwa nou, 18e m'a yon Papa pou nou, nou menm n'a pitit gason ak pitit fi pou mwen, se sa Papa nou, Bondye ki gen tout pouvwa a, di.” a a v18 Pwomès Papa nou te fè yon fwa pou pitit wa David la, li louvri l la pou chak moun ki kwè — li vin Papa tout moun ki vin jwenn li, e nou vin pitit gason ak pitit fi li.