Izrayèl soti nan peyi Lejip
Sòti peyi Ejip la rakonte prèske tankou yon komedi: lanmè a gade yon sèl kou epi li kouri, larivyè Jouden fè bak, mòn yo sote tankou belye. Apre sa sòm nan poze yo kesyon: poukisa nou kouri? E li kite repons lan se prezans Papa nou, ki te fè wòch tounen dlo.
114 1Lè Izrayèl te soti nan peyi Lejip, lè fanmi Jakòb la te kite yon pèp ki pale yon lòt lang, 2Jida tounen kay ki apa pou Papa nou an, Izrayèl tounen peyi l'ap gouvènen an.
3Lanmè a gade, li kouri met deyò; dlo larivyè Jouden an fè bak. 4Mòn yo sote tankou belye, ti mòn yo tankou ti mouton.
5Lanmè, kisa ou genyen ki fè ou kouri met deyò? Jouden, kisa ou genyen ki fè ou fè bak? 6Mòn yo, kisa nou genyen ki fè nou sote tankou belye? Ti mòn yo, kisa ki fè nou tankou ti mouton?
7Tranble, latè, devan Papa a ki gen tout pouvwa, devan Bondye Jakòb la, 8li menm ki fè wòch la tounen yon basen dlo, wòch di a tounen yon sous k'ap koule.