Papa a Rale Kò l Kite Moun ki pa Fidèl yo
Yo konvoke prèt yo, wa a ak tout nasyon an. Sa yo fè pa kite yo tounen, epi lè yo al chache ak bann mouton ak bann bèf yo, Papa nou deja retire kò l. Li di li se pouriti pou Jida ak yon lyon pou Efrayim, epi li ale jiskaske kè sere fè yo tounen.
5 1Koute sa, nou menm prèt yo! Pare zòrèy nou, nou menm fanmi Izrayèl la! Tande byen, nou menm fanmi wa a! Paske jijman an se pou nou, paske nou te tounen yon pèlen bò Mispa ak yon privye yo louvri sou mòn Tabò.
2“Moun ki fè rebèl yo antre fon nan masak, men m'ap korije yo tout. 3Mwen konnen Efrayim, epi Izrayèl pa kache devan mwen; paske koulye a, Efrayim, ou lage kò ou nan fè jennès, epi Izrayèl sal.
4“Zak yo fè yo p'ap kite yo tounen al jwenn Papa yo, paske yon lespri jennès nan yo, epi yo pa konnen Papa nou. 5Lògèy Izrayèl la kanpe temwaye kont li; Izrayèl ak Efrayim bite nan peche yo; Jida tou bite ansanm ak yo. 6Ak mouton yo ak bèf yo, y'a ale chèche Papa nou, men yo p'ap jwenn li; li rale kò l kite yo. 7Yo pa kenbe pawòl yo ak Papa nou, paske yo fè pitit deyò. Koulye a, nouvèl lin lan pral devore yo ansanm ak jaden yo.
8“Kònen klewon an nan Gibeya, twonpèt la nan Rama. Bay rèl lagè a nan Bèt-Avenn; gade dèyè ou, Benjamen! 9Efrayim pral tounen yon dezè jou pinisyon an; nan mitan branch fanmi Izrayèl yo m'ap fè konnen sa ki sèten. 10Chèf Jida yo tounen tankou moun k'ap deplase bòn tè; m'ap vide kòlè mwen sou yo tankou dlo. 11Yo kraze Efrayim anba peze, yo pilonnen l nan jijman, paske li te vle kouri dèyè zidòl ki pa vo anyen. 12Se konsa mwen tankou yon mit pou Efrayim, epi tankou pouriti pou fanmi Jida a.
13“Efrayim wè maladi l, Jida wè malenng ki louvri a; se konsa Efrayim kouri al nan peyi Asiri, li al mande sekou nan men gran wa a. Men, wa sa a pa ka geri nou, ni li pa ka trete malenng k'ap pouri a. 14Paske m'ap tankou yon lyon pou Efrayim, epi tankou yon jenn lyon pou fanmi Jida a. Se mwen menm k'ap dechire yo epi m'ale; m'ap pote yo ale, epi pèsonn p'ap ka sove yo. 15M'ap tounen ankò nan plas mwen, jouk yo rekonèt fòt yo epi yo chèche figi mwen; nan lafliksyon yo, y'a chèche mwen ak tout kè yo.”