Wòch Mwen, Pa Fè Silans
Yon sòm David.
Sa David pè se silans: si Papa l, Wòch li, pa reponn li, li deja nan mitan mò yo. Li mande pou yo pa trennen l ale ansanm ak moun ki pale bèl pawòl zanmi pandan y ap kache mechanste. Nan mitan priyè a, yo tande l, e priyè a tounen remèsiman.
28 1Se ou menm, Papa mwen, m'ap rele; wòch mwen, pa fè soud ak mwen, paske si ou rete an silans avè m, m'ap tounen tankou moun k'ap desann nan twou a.
2Tande jan m'ap kriye mande gras lè m'ap rele ou pou mande sekou, lè m'ap leve men m vè kote ki apa nèt pou ou a.
3Pa trennen m ale ansanm ak mechan yo, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal, k'ap pale byen dous ak pwochen yo pandan se mechanste ki nan kè yo. 4Fè yo peye dapre sa yo fè, dapre move aksyon yo fè; fè yo peye dapre travay men yo; fè sa yo merite tonbe sou yo. 5Paske yo pa fè ka zèv Papa mwen yo ni travay men li, l'ap kraze yo, li p'ap janm rebati yo.
6Lwanj pou Papa nou, paske li tande jan m'ap kriye mande gras. 7Papa mwen se fòs mwen ak boukliye mwen; se nan li kè m mete konfyans, epi li ede m. Kè m sote tèlman m kontan, epi m'ap chante pou m di l mèsi.
8Papa mwen se fòs pèp li a; se ranpa ki sove moun li te chwazi a. 9Sove pèp ou a, beni eritaj ou a; gade yo tankou yon gadò, pote yo nan bra ou pou tout tan.