Yon lapriyè pou wa a
Se yon sòm Salomon.
Yon lapriyè ki mande Papa nou pou pitit gason wa a, ki mezire yon rèy ak yon sèl bagay: sa k rive moun ki fèb yo. Se pou l kraze oprimè a, delivre malere ki pa gen pesonn pou ede yo, konsidere san yo kòm bagay ki gen anpil valè — epi desann tankou lapli sou zèb yo fin koupe.
72 1Papa nou, bay wa a jistis ou, bay pitit wa a ladwati ou. 2Se pou li jije pèp ou a ak ladwati, se pou li jije malere ou yo ak jistis. 3Se pou mòn yo pote lapè bay pèp la, se pou ti mòn yo pote ladwati. 4Se pou li defann malere ki nan pèp la, se pou li sove pitit pòv yo, se pou li kraze moun k'ap peze lòt anba pye. 5Se pou pèp la gen krentif pou ou toutotan solèy la ap la, toutotan lalin lan ap la, de jenerasyon an jenerasyon. 6Se pou li desann tankou lapli sou zèb yo fèk koupe, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a. 7Nan tan l'ap gouvènen an se pou moun ki mache dwat yo fleri, se pou lapè gaye toupatou, jouk lalin lan p'ap la ankò. 8Se pou li gouvènen depi yon lanmè rive lòt lanmè a, depi gwo larivyè a rive nan dènye bout latè. a a v8 « Gwo larivyè a » se larivyè Lefrat la, gwo larivyè ki make fwontyè bò solèy leve nan tè Bondye te pwomèt pèp Izrayèl la. 9Se pou moun k'ap viv nan dezè a bese tèt devan li, se pou lènmi l yo niche pousyè. 10Se pou wa peyi Tasis yo ak wa zile yo peye taks; se pou wa peyi Seba ak wa peyi Saba pote kado. 11Se pou tout wa yo bese tèt devan li, se pou tout nasyon yo sèvi li. 12Paske l'ap delivre pòv k'ap rele mande sekou a, malere ki pa gen pèsonn pou ede l la. 13L'ap gen pitye pou moun ki fèb ak pou pòv yo, l'ap sove lavi pòv yo. 14Anba moun k'ap peze yo ak anba mechanste l'ap delivre lavi yo, san yo gen anpil valè nan je li. 15Se pou li viv lontan; se pou yo ba li lò peyi Seba a! Se pou moun lapriyè pou li san rete, se pou yo beni l tout lajounen. 16Se pou gen anpil ble nan peyi a; se pou l balanse sou tèt mòn yo; se pou rekòt li tankou rekòt peyi Liban, se pou moun nan lavil yo fleri tankou zèb nan jaden. b b v16 « Tankou peyi Liban » fè nou sonje gwo rakbwa wo ak rekòt bondan peyi Liban te konn genyen — yon imaj yon richès ki depase tout bagay. 17Se pou non li rete pou tout tan, se pou repitasyon l kontinye toutotan solèy la ap la. Se pou tout pèp yo jwenn benediksyon nan li, se pou tout nasyon yo di li beni. 18Lwanj pou Papa pèp Izrayèl la, se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. 19Lwanj pou non li ki gen glwa a pou tout tan; se pou tout latè plen ak glwa li! Amèn! Amèn!
20Se la priyè David yo, pitit Izayi a, fini.